dimanche 16 janvier 2011

Nou pap bay tèt nou manti, Se pa rapo OEA ki pa bon, sa nou pè, se sa ki ka dekoule de rapo sa a, ki fè yon sèten klas moun, nan sosiete Dayiti pè.

 
Nou pap bay tèt nou manti, Se pa rapo OEA ki pa bon, sa nou pè, se sa ki ka dekoule de rapo sa a, ki fè yon sèten klas moun, nan sosiete Dayiti  pè.
 
Se pa kounye a, pou nou ap pale de granmoun. Lè yon moun granmoun li agi kou granmoun.
Nou pran desisyion ki pi fasil la, krase lame o lye nou te refome l. e lague peyi nou nan men yon fos etranjè. Es ke tout jèn fam e tout jèn gason an Ayiti konropi ?
Ak tout gwo fos Minustah , nou wè ensekirite bayii kol pi red e li vin pi anfom sou tè Dayiti.
 
Es ke nou konen o mwen ki sa, sa signifi yon fos militè ki instale l, sou yon tè entranje.
 
Ane aprè ane nou konstate ke fos sa a,  ap miltiplye e yo pran chak jou plis plas  nan zafè peyi nou.
Nou mande yo ède  nan tout bagay ki konsènen nasyion  nou.  Nou pèdi eskamp visaj nou nèt devan kominote entènasyional la, nou pèp Ayisyen ki te si fyè.
Aprè maskarad 28 novam nan, yo tout te temwen.  Nou te rele yo vini kom obsèvatè, malgre tout mas frod ki te fèt, yo te deklare ke popilasyion  ayisyenn nan, te ale  vote pi fô, pou Madan Manigat e Michel J. Martelley.
Nou pa menm kon volè, nou kreten twop, ou byen, kom nou pa gen respè pou anyen, nou te panse ke se yon bagay nou te ka enpoze.
Lè kat la mare, nou konprann nou byen mete leson nou o pwop,  nou fè apel anko, ak men kominote a, pou li vini kade kanè a anko.  Aprè konsta yo diw yo rekonèt plajia,  Mesye Jude Célestin pa gen anyen li ap fè nan dexièm plas la, se Mesye Michel Martelly ki nan plas la, nou leve pou nou fè koken.
Spesialis sa yo,  se chef Leta a Mesye Rene Gracia Préval, ki li men Prezidan de Repiblik la, ki te mande sèvis yo, li te fè vini yo, li te bay yo ho la men, yon pouvwa san limite, nan tout bagay.
Nou pat tande ke moun, ni deyo ni andedan rele ammwe, pou souverènte Ayiti. Se demand sa a, ki te yon kalot pou pèp la, paske,  sa se deklare  ak entanasyional pa gen konfians nan enstitisyion nou yo, yo pa ka fè nou konfians,  ki yon hont vrèman e yon souflèt  pou tout aysyien sitou sa ki ap viv nan yon lot sosiete ke, Ayiti.
Paske lè nou ap fè bagay ki sal e lèd konsa, li rejayi sou tout ayisyen, ki ap viv lodbo dlo.
<<ki di yon, di lot>>
Ato se lè li fini li di sa yo pat vle tande ya, yo rele anmwe enjerans nan zafè Ayiti.
An nou di bagay yo jan yo ye a, Pèp ayisyen  pran anpil kou, nan gwo chabrak e li fè konen li pa kwe nan mod politik traditionèl sa yo anko, li vle yon moun ki pou goumen pou yo, ki konen lè yo grangou, ki pou veye sou beswen li: Nan sante, edikasyion, sekirite e latrye.
Yon moun ki ka fè respekte la lwa  san ke  la cham,  pap van vwa li,  tankou li te fè sou Premye Minis Jacques Edouard Alexis a. yom moun ki ka fè l santi  li se yon sitoyen tankou tout sytoyen.
Devan tout revandikasyion pèp la, gen kè kase, yom Michel Martelly ki pran teren e mas pèp la rekonèt yo, nan lidè li. Ki fè vrè kesyion an se pa rapo OEA, sa klas dominant lan pè, se ki es ki ka tonbe??? nan tèt peya Dayiti.
Nou abandone tout yon popilasyion,  nan jere zafè pèsonèl nou. Nou gouvène tout yon peyi an clik zanmi, e an mezon dafè, nou pa gen hont nou san pidè, volè pote nom biznisman nan peyi a.
Nou dil naje pou li soti, nou kenpe pye l
Patriotikman
Nyrvah Florens Bruno
 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire