lundi 24 juillet 2017

PROFIL SOSIETE AYISYENN

Depi trann lane mwen komanse travay nan sosial e politik an Ayiti. Mwen te gen anpil difikilte pou mwen te konprann pouki peyi a gen tout difikilte sa yo pou li avanse, pou ki popilasyon an te chita nan yon mizè atròs ki ap pran fòs chak jou e espwa popilasyon an, se abandone peyi a e jwen yon tè dakèy kòm sèl optyon pou li viv tankou moun, sa vle di gen dwa a sèvis sante, edikasyon dlo, manje e yon twa sou tèt li. 

Anpil moun lè yo fè referans ak Ayiti, nan lespri yo se vil yo. malerèzman Ayiti se peyi profon an se la popilasyon an viv, zòt ki pa wè limyè yo, ki toujou ap viv nan menm kondisyon an, depi 1804.
Depi fondatè peyi Dayiti, Anperè Jean Jacques Dessalines, lòt jenero yo, Etienne Elie Gerin, Nicolas Gefrard, Etienne Magny, Boirond Tonnerre Toussaint Louverture, Alexandre Petion, Henry Christophe, Francois Capois (La Mort) Louis Dauré Lamartiniere, Louis Laurent Bazelais e Marion. Nou ajoute tout fanm vanyan yo tankou Catheline Flon Defile Lafolle Claire Heureuse e latriye.

Refleksyon kominn

Jodia tout kouch savant nan sosiete a, dwe poze tèt yo kesyon sa’a, Pouki sa premye Repiblik nwa bloke, li paka vanse? 

Nan ki lespri ke dirijan nou yo menmen peyi Dayiti depi kreasyon nasyon an? 

Léopold Sédar Senghor te pale Le nègre blanc`, Lesly Manigat pale de volonté ke nou genyen pou nou rete esklav. Criminologue Jean Ulrick Pavilus pale des grandes tristesses d’Haïti. Price Mars et Francois Duvalier pale de la négritude.pou valorise sosiete a.

`Le nègre blanc, mwen wèl konsa se enkapasite endividu a pou li soti nan chèn esklavaj la, non akseptasyon de pase sa’a menm an referans konsyan ou enkonsyan li jwen wòl kolon an avek konpatriot li yo, pou li ka rejete nan lepril pase nèg esklav la. Materializasyon rejè sa’a feros, poul demake’l d’espri esklav la, li pran menm rega ke kolon an te genyen anvè zansèt li yo e enkonpreansyon total, li santil valorize an konpayi de desandan bouro zanzèt li yo. Nou pap preche violans. <<Lèl blye kotew soti, ou ap tounen nan menm chemen an>>.
Nou devan yo ka de rejè didantite. 

Nou ka konprann yon profil de sitwayen konsa pap janm kapab kondwi peyi a e bay yon sans pwò a nasyon. 

La volonté d’être esclave. Se yon kondisyonman spykolojik Doksidan ki alimante pa feblès enstitisyon nou yo depi nan premye jou ke ti ayisyen ale lekol yo aprann li . Blan’an pi konnen li se pòt limyè tout panse’l se verite, li andoktrine pa le BLANc DIEU. 

Nan kondisyon sa’a li ap difisil pou yon sitwanyen ki depi premye pa nan lekol li aprann ke blan’an plis ke li, li paka egal blan’an. Nou ka konprann ke blan li menm ki trè konsian de realite sa devan sitwayen nou yo, li kanpe an mèt. Volonté d’etre esclave la, li pran tout fòm li nan sosiete a, pa akiltirasyon e pa depandans ekonomik ke nou kree ankò pa konpotman de souzòm. Nou trè lwen de gran mò sa yo ke Prekisè endepandans Toussaint Louverture <<Du Au plus grand des Noirs au plus grand des bkancs>>

Criminologue Jean Ulrick Pavilus li pale Les grande tritesses d’Haïti, pou li menm se yon sosiete ayisyenn lan trè. Konplexe chita sou 2 pwen : siperiorite e enferiorite

Nan konplex de siperiorite pou yo valorize tèt. yo, yo fè yon oto kritik sou posesyon yo, relasyon yo ran sosial yo, pou yo etabli yon pa kanmarad lòt. yon sipèryè a lòt. Tout sa chita sou santiman denferiorite ke yap viv pa rapò ak dominans blan’an. Rechèch de valorizasyon yo nan santiman denferiorite sa’a kondisyone nan yon atitid de soumisyon predomine, de sèvitid, e soumisyon a volonte blan’an. Atitid de soumisyon entegre sa’a manifeste pou yo jwen bòn gras blan’an e avantaj sosiopolitik e ekonomik. Yo trayi frè yo e peyi yo souvan, pou valorize tèt yo. Bezwen valorizasyon sa’a fè yo tounen apatrid e trèt o profi predominans Oksidan’an . Yo san idantite pwòp. Yo vle telman resanble ak blan’an yo idantifye yo a travè blan’n trè souvan. Nan langaj yo di yo se blan, yo rete nan katye kip a gen nwa, yo pa mele ak nwa. Yo viv tankou blan, lè yo an konpayi de yon blan yon santi yo valorize. Antre yo, yon ap kraze yon ak lòt pou yo valorize tèt yo. Devan blan’an yo gen santiman deferiorite e de soumisyon. << Les grandes tritesses d’Haiti

Anfin Francois Duvalier te pale de la negritude, li te vle valorize sosiete ayisyenn lan, malerezman yo pat konprann li, e nan non enkonpreansyon sa’a, politik li a te favorize plis divizyon e kree yon sosiete de klas. 

Pouki sa premye Repiblik nwa bloke, li paka vanse?

Gen anpil rezon ki anpeche peyi Dayiti avanse, men rezon ki fondamantal la se enkapasite dirijan yo, pou yo amonize sosiete a. Depi fondasyon peyi a, se refò agrè ki te dwe fèt pou yon bòn repatisyon de richès egal. Konsekans sa’a se li menm ki mete nou nan eta nou ye la’a. Nou pat gen fondasyon e jis ka prezan nou se yon peyi san fondasyon. 

Nan ki lespri ke dirijan nou yo menmen peyi Dayiti

Aprè konsta nou ka di : Pa janm gen yon politik androjèn 

Tout baryè nou se Ayiti nou refize bay premye plas la!