jeudi 20 octobre 2016

Nan lakou lakay, 20 octobre 2016





NAN LAKOU LAKAY




Solda Ayiti Ayiti Solda, ayisyen, ayisyenn tou pat ou nou ye, nou se yon
sèl fanmi.
Jodia nou nou rantre pi fon nan abim
nan, paske dirijan nou yo,  pa arive pran
vrè mezi pou kase chèn ki mare nasyon an.
Yopa janm kanpe pou fè bilan peyi a e
konsa pran chemen ki pou kondwi nou, an pèp fyè,  endepandan e chita souverènte peyi a.
yo fè chwa ki pi fasil pou yo a, jwe
restavek e pase kwi.
Yo pa janm defini yon programm sosial
nasyonal adapte, ki reponn ak popilasyon, yo tounen sapè pomye, yon leta ki
toujou ap kole pyese.
Karans enstitisyonèl sa’a kondwi yo,
tout tan devan fòs entènasyonal ap pase kwi e ap siye tout dokiman pachiman kipa
reponn ap pèp, ke nou ye. Jodia  nou
telman siye fèy blanch ke nou pa gen idantite ankò.
Ki pèp nou ye?
Divizyon fè nou bliye ki kote nou
soti. Divizyon sa’a ki nan mitan popilasyon an, chita sou leta miseral nou,
tout se koz la mizè yon mizè ki san espwa.
Nan eta lamantab ke pèp ayisyen ap viv
la’a li pa ka di li gen zanmi, li gen moun ki ap ede’l soutni la mizè e ki ap
bay tet yo bòn konsians paske yo ap fèl charite, men yon charite mezire pou li
toujou rete nan menm kondisyon an.
Se pou sa nou pran kouraj nou pou nou
di, Ayisyen nou gen move zanmi,
RENMEN MOUN, KI RENMENW
Ayiti nan amerik la, Otorite ameriken
relel lakaou kay yo, se pa vre,  yo te
vle di  Ayiti se depotwa yo, la jete
fatra yo. Wi! Nou se depotwa yo, nou ramase tout poubèl yo de pantalèt pou rive
nan dekadans kiltirèl yo, nou tounen yon pèp san kilti. Fo zanmi nou an kraze
peyi nou an.
Nan lakou lakay, ou pa bezwen gen
anyen nan tèt ou pou dirije peyi a, se mete lajan nan poch ou pou achete
pouvwa, kòm pa gen tèt dirijan pou rezon imanitè fo zanmi yo toujou ap redi
zorèy yo, se konsa pou ti krik ti krak yo pati ale bay rapò e prye bon papa yo,
pou yo kenbe yo sou pouvwa’a. Se pa yon kolaboratè fo zanmi sa yo ye, yo tounen
vrè desidè a.
Frèm ak sèm yo, jodia nou gen yon peyi
ki ozabwa, ki depafini, fo zanmi nou yo detwi tout ekonomi peyi Dayiti, yo
kenbel an sinistre.
Nan lakou lakay zanm donnen kou djon
djon, nan lakou lakay ti moun 8 lane ap touye moun ak zanm, nan lakou lakay ti mou
nap manje rest sou fatra, tout riyèl nan lakou lakay se fatra, nan lakou lakay
koutiryè pa gen la vi ankò, nan lakou lakay kodonye pa gen la vi, nan lakou
lakay agrikiltè yo paka viv de tè yo ankò, nan lakou lakay ti poul peyi yo paka
monte tab anko, nan lakou lakay ze peyi se yon lux.
Pèl  de zantille lan, jodia tounen yon gro mache
pèpè  depi nan pantalèt rive jis nan asyèt
nou. Zanmi yo, pa janm bann machin pou vwari pou netoye peyi a; yo pa janm
banou yon lopital, yon lopital pou nou jewn bon swen sante; yo pa janm banou
machin agrikol pou nou ka devlope agrikilti nou.   An fèt yo
pa janm ban nou anyen, ki pou ta fè nou soti nan depandans nou an. Nou gen tout
modèl zanm lakay nou, nou pa plante zanm.
Jodia a nou vle fè yon bilan e bay peyi Dayiti,
yon lot direksyon,
Toupatou kote nou ye, an nou mete men
ansanm,  pou nou bati peyi nou
Nyrvah Florens Bruno
Koodonatè nasyonal e entènasyonal
Solda Ayiti Ayiti Solda
soldayiti@gmail.com





mardi 18 octobre 2016

Lettre ouverte aux parlementaires haïtiens

Chers honorables parlementaires



Nous, Solda Ayti Ayiti Solda, on salue avec enthousiasme les Juges de la Cour de cassation qui s'élèvent la voix,  pour mettre court aux dérives politiques, qui salissent l'image du pays et qui piétinent la dignité de notre patrie.

Depuis quelque temps, ces dérives politiques, en dehors de la loi mère du pays, notre constitution, ont conduit notre pays dans des couloirs, qui effrayent la nation tout entière. 


Haïti a un passé, Haïti a une histoire, notre histoire. Nous avons eu beaucoup de différents, certes, mais jamais, jamais nos différents ne doivent nous conduire à des catastrophes humiliantes et lourdes de conséquences, pour les générations à venir.

Nous sommes une nation, un peuple, un pays.

Les législateurs ont le devoir de remettre les pendules à l'heure dans un bref délai, le retour immédiat de la constitution. La constitution a tracé les directives, à ce propos, il ne doit pas y avoir aucun intérêt politique et particulier, pouvant continuer ce marchandage politique de, banm ma baw. C'est pour cela, que nous, Solda Ayiti Ayiti Solda, nous invitons les parlementaires de   faire le choix de la constitution, qui est le juge le plus ancien, Me. Mecène Jean Louis.

Vous avez tous prêté serment d'obéir et de faire respecter la constitution, le destin du pays est entre vos mains à vous d'agir maintenant.

Vous êtes des personnalités d'États. Soyez à la hauteur de la nation. Il n'y a pas à espérer, je suis convaincue que vous aurez la lucidité politique efficiente de ramener Haïti à bon bord.

Recevez chers honorables parlementaires, mes salutations patriotiques et nationalistes

Nyrvah Florens Bruno,
Coordonnateur national et international
Solda Ayiti Ayiti Solda
soldayiti@gmail.com