jeudi 13 janvier 2011

AYITI SE PAW, SE PA L, SE PA M. AYITI SE PA NOU.


Realite peyi Dayiti mande chak gren  Ayisyen, ke yo andedan kou andeyo peyi a,  pou yo reflechi sou aveni Ayiti.

Yo dwe mete de kote tout entèrè pèsonèl pou yo divosè avek politik tradisyionèl ki fin depafini avek popilasyion an e mete an koz souverente Ayiti.
Mwen kwè nan enfomasyion e enfomasyion se  limyè  e bousol yon pèp.
Yon Pèp ki eklere de koman peyi li dirije kapab goumen pou mete l sou yon  wout ki bon. Lè yon pèp pa gen limyè, nenpot ki san manman ka fèl danse rara. 

Sa fè lontan depi nou, pèp ayisyen nan ignorans nou  ap pran nan bèl pawol, li lè li tan ke nou di aba ak bèl pawol e pran vi nou nan men nou.

Mwen mande chak moun ki tande e ki wè video sa yo, pou yo pale l avek frè yo, sè yo, zanmi yo de  ki sa yo tande, ki sa yo wè.
Se pou sa nou dwe koupe avek kamion san manman sa, ki fin depafini avek  nou.
Fok nou gen kouraj ambake nan yon kamion tou nèf, pou nou ka derasine movè zèb.

Depi 1804 nou se yon peyi lib, men frèn yon ranplase colon blan nou toujou esklav.
Esklavaj la pran yon lot form, nou travay nou toujou rete nan men sitiasyion an ou byen nou vini pi mal.
Tout politik peyi a,  se gade nou san edikasyion pou nou toujou rete nan sèvitid.
Richard Antoine Morse (Ram) di : <<yo gere nou tankou yo gere yon plantasyion>>. Nou tout ap fè yon koub 90% pou nou chanje vin nou. Nap pran yon kamion tou nèf. Nou pap chanje chofè gade kamion. Nou ran n nou kont,  ke moun nou nommen la cham yo, se yo ki  premye enmi pèp la.

Si yo dwe fè totalito kote ambasad nan lot peyi pou yo mete yon prezidan, alo ale vote se pou bat do pèp la.

Frèm ak sèm gade vidéo sa yo reflechi sou zafè nou, sou peyi nou.
 Ayiti se paw, li se pa l, et se pa m. Ayiti se pa nou. 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire