lundi 2 mai 2016

Swè-m pou peyi m, se pou li gen nan tèt li yon moun, pa yon sou zòm


Gen plisyè kategori de moun nan yon sosiete, Moun vle di èt IMEN. Ou pa otomatikman yon moun, paske ou se yon èt imen. Pou yon moun sa pran pouw yon èt imen ki gen pèsonaite, Ki sa, sa vle di pèsonalite? Se karactè ke ou bay a èt imen ke ou ye a. Lèw pa yon moun ou se yon sou zòm.

Ou se yon moun lèw espekte dimansyon èt imen ke ou ye a. RESPÈ POU OU E POU ANVIRONNMANW.
Lèw pa rive nan dimansyon pou respekte èt imen ke ou ye a, ou se yon sou zòm. Lèw se yon sou zòm, ou pa gen respè pou ou e pou moun ki nan anvironnmanw. OU PA ENSPIRE RESPÈ PÈSONN 

Granpè-m Me. Augustin Bruno, mouri depi mwen te gen 6 lane, men karaktè moun ke li te ye a, pèmèt mwen jwi de oreol li, jiska prazan. Se toujou avek fyète pou mwen di mwen se pitit Me.Augustin Bruno, paske li te yon senmbol respè, yon moun ki gen prensip, e ki te mete anpil enpotans sou karaktè d'òm li. 

Se toujou avek anpil fyète pou mwen tande yo ap di de mwen, si madanm Nyrvah Florens Bruno, diw wi, lap pase anba tè, pou li respekte'l. 

Mwen aprann sa ki fèw moun, se respè ke ou genyen pou pawòl donew, se respekte angajmanw.