mercredi 14 janvier 2015

Nyrvah Florens Bruno's soldat d'Haiti- Tèt kale Tèt kole ...

ManGod Haiti: Nyrvah Florens Bruno's Photos - Tèt kale Tèt kole ...: Vizit Nyrvah Florens Bruno, nan Thomazeau akonpaye de Mè Kwadèboukè Saint Ange Darius e Mè Thomazeau Jean Moise sou pwojè dlo potap ke Tèt ...

Fanm se poto mitan nan politik. An braze lide sou sa, se nou ki pou fè sa chanje.



DI SAW PANSE

IMAJ SA’A SE YON PATI POLITIK, KI CHITA NAN KONSÈY AK PREZIDAN PEYI A

Fanm se poto mitan nan politik. An braze lide sou sa, se nou ki pou fè sa chanje.

Men majè pwoblèm nou nan sosiete ya, fanm yon pa reprezantatif sou sèn politik la. Pa gen ekilib e sa pa bon menm pou stabilite peyi a. Fanm pa panse, ni aji kou gason e yo travay avek anpil detèminasyon, ak yon volonte ki san mezi, anpil nan yo.

SE FANM KI FÈ GASON, BAY FANM YO PLAS YO MÈSYE E NOU AP GENYEN YON LOT PEYI.

https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10204332422245557&set=a.1498063126423.2070690.1079471644&type=1&theater

lundi 12 janvier 2015

LE NÈGRE A UN COLON EN LUI.

Haïti doit avancer, C'est une priorité pour tous les nationalistes et patriotes haïtiens. Après la glorieuse victoire sur Napoléon Bonaparte, par nos vaillants soldats, menés par notre libérateur Jean-Jacques Dessalines, on n'aurait cru qu'Haïti malgré les lourdes mains pesantes de la France, puiserait la force nécessaire de sa douleur collective, dans un même dessein fraternel bâtir Haïti. 

Loin d'une pensée de vivre ensemble. 

Les préjugés, les discriminations, dont ont été victimes les bossales, au temps de la colonie, ne sont pas estompés de 1804 à nos jours. Dans toutes les échelles de la société les préjugés des discriminations prédominent.

L'État doit finir par prendre ses responsabilités la décolonisation de la population en passant par la formation des écoliers aux études supérieures.

Il faut chasser le colon pour l'unification de la population.

Nyrvah Florens Bruno, Soldat pour Haïti

https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10204319154753878&set=a.1498063126423.2070690.1079471644&type=1&theater

dimanche 11 janvier 2015

Les constitutionnalistes sont responsables de tous les maux que traverse le pays.


Les constitutionnalistes sont responsables de tous les maux que traverse le pays.
À trop vouloir mettre des balises pour réduire le pouvoir du président. Ils ont ainsi remis le plein pouvoir au chef du gouvernement et ce dernier, est sous la tutelle des parlementaires.
Nous devons avoir pour la bonne gouvernance de notre pays, une loi mère bien dodue, qui répond à notre culture politique, afin de barrer la route à toutes les formes de dérives, qui pourrait conduire à l'instrumentalisation de nos dirigeants.
Le premier ministre une fois nommé et ratifié, est le chef de l’administration de l’État,  son assise à la tête de l’administration dépend des caprices des parlementaires, sans mot dire du Président. Cette faiblesse de la constitution  a ainsi laissée une porte ouverte à toute forme de négociation et entrave la bonne gérance de l’état. Ainsi nous avons connus des Premiers Ministres, qui n’ont pas répondu aux prescrits de la constitution,  qui ont  toutefois gravi l’échelle, par la faveur des parlementaires.
La classe politique doit être renouvelée par des personnalités d’États
Les pratiques de négociations sont préjudiciables pour le pays et ils sont aux dépens de la collectivité. Certains parlementaires bouffent l'avoir du peuple. Certains parlementaires sont rendus des parlementaires-agents de développements. Il faut que cela cesse.
Cette réflexion n’est pas un panier à salade, bien attendu nous avons parmi nos parlementaires de grands hommes d’État.
Qui contrôle nos parlementaires?
https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10204316290122264&set=a.1498063126423.2070690.1079471644&type=1&theater

jeudi 8 janvier 2015

LE POINT Himmler Rebu 06 Janvier 2015

LE POINT Himmler Rebu 06 Janvier 2015

Le Président de la République en réunion avec d'autres représentants de partis politiques à l'hôtel Kinam à Pétion Ville

Prezidan Michel Martelly te toujou yon prezidan, ki kwè nan dialog. Prezidan an tande e konprann tout moun. Se yon prezidan ki fè anpil konpromi e ki ouvè pot gouvènman li ap dirije a, ak tout sektè. Opozisyon an chita nan mitan pouvwa a, ap demonte l, olye yo ta konprann tèt ansanm nan, ki se bousol prezidan Martelly, pou yon Ayiti ini. Prezidan pa-m nan, Solda Ayiti Ayiti Solda kontan travay ou ap fè pou Ayiti avanse tout bon vre, ak tout pitit li yo.

Kouraj prezidan!

Tout fos pozitif yo, avèw prezidan



https://www.facebook.com/martelly2010/photos/a.153373538031926.25153.153371961365417/788144314554842/?type=1&theater

mardi 6 janvier 2015

Voeux du Président Michel Joseph Martelly à la population haïtienne.







Ou diw renmen Ayiti pwouvel. Bay
Ayiti yon chans pou li vanse. Sa ki ap pase la'a se detwi peyi nou, nou pral
pran anko 19 lane pou nu tounen kote nou ye la'a jodia. Ayiti pa merite sa. Nou
sal tout jou gloriye li yo, nou avili li tout kote sou planèt la, nou rache ak
rach tout dignite ayisyen te genyen nan lakou lot peyi. POUKI SA ?
Dezod yo ap anonse anko, pran la ri
a kraze brize. mwen sonje Ayiti lontan.
Triomphe lan ki te fini repare, yon
bèl zèv konsa, yo kraze l wi
Moun sa yo pa ka di se se lidè peyi,
ki ap konsome tout bagay sa yo.

Simone Lalanne - 4 Janvier 2015

Bon anniversaire mamie Simone
Ma mère rend gloire à Dieu.

jeudi 1 janvier 2015

Mwen fatigue avek bann voye monte sou do Prezidan Martelly, Jodi a mwen deside reponn nou

Mwen fatigue avek bann voye monte sou do Prezidan Martelly, Jodi a mwen deside reponn nou, sou koze Prezidan michel Martelly a san emosyon.

Tande byen Michel Martelly se yon Atis li te ye e li ap rete yon atis, tankou anpil atis li ka eziberan, li ka menm gen yon yon kote pèvèti lakay li,  men,  an nou antann  nou byen,  se pa prezidan Martelly ki gen  genpou li jennen de spektak li kon bay yo, se nou ki renmen sa,  e se an foul nou ale sipote l e se nou tou kifè de li yon atis ayisyen ki arive viv konfotab.
 Atis la ba nou, sa nou mande l, tankou tout lot atis  yo li pa diferan. Se sa ki te fèl tounen pou nou yon idol.

Lé nou mete atis la a kote, nou jwen potorik gason sa ki gen volonte pou travay e ki renmen  peyi l,  epi li wè jibwèt a dwat a goch.

konpran byen li atis se vre,  men sa pa retire anyen nan nanm ayisyen li.

Li wè li ka fè mye ke sa ki la yo, ki vini ap okipe koze lajan yo, yon seri domi pov leve rich, li di fok sa chanje.

Popilasyon an te fatigue ak gran manjè sa yo ak tout pakèt politisyen tradisyonèl sa yo, ki gen Pati politik kou  eleksyon pwoch.  Popilasyon an jije, li prefere pran nonm sa ki pa nan ikpokrizi a,  ke anpil volo ak kravat ki bon nan bèl diskou, yo sipote l yo voye l prezidan yo.
Martelly erite yon peyi ki nan yon mizè atros e an plis yon goudougoudou mete l kouche.
Nou tout konnen peyi a te nan mizè tout jan avan li te tonbe anba goudougoudou ki mete kouche tout bon vre.
Moun  ki gen volonte, souvan vo mye ke moun ki gen ekserians,  sitou lè eksperians lan, sè sèvi li sèvi plis, pou fè demagoji.
Tout politisyen tradisyonèl sa yo te la deja sou teren yen, pou ki sa se Martelly ke popilasyon chwazi.
Michel Martelly tap jwi vi atis li, fè yon yon detou, pou li vini mete men li nan konstwiksyon peyi li pandan tout save politisyen yo la.
Wi gen de koi pou gen wont, lè popilasyon an, mete moun save sa yo chita e deklare nou pa bezwen nou, banm Martelly atis devègronde a.
Wont lan pa pou Martelly men byen pou yo menm ki mennen bak peyi telman mal key on nonm ki pat sou koze politik ditou, deside antre nan ronn nan avek sèl zouti li volonte l pou li chanje kondisyon popilasyon an.
Prezidan Martelly rive nan tet pouvwa paske, politisyen tradisyonèl yo pat reprezante anyen nan je popilasyon an yo pat kwè nan yo yo te bay yo kanet déjà.

Men kom yo pa gen la kay yo anyen de patriot de nasyonalis ego yo pran premye plas la, o lye ou jwen yo vini pote patisipasyon pa yo, pou repare peyi a ki kraze  e envite tout ayisyen mare senti yo pou yo mete tet ansanm men lè sa di, paske yo soti lwen, yo pito kontinye goumen fas a defètyo a pa ogèy  pou chapote pouvwa Martelly san yo pa menm konnen, ki sa ki pral rive aprè.
Ayiti pa nan premye plas la nan lojik rache manyok la.

Michel Martelly vini erite yon peyi ki ograba tout jan tout bon nasyonalis e patriot konseken dwe mete tet ansanm avek li pou retire peyi a kote li ye a e fèl vanse. Men nou devan yon lot tablo.

Enstabilite peyi a pa enpotan pou yo, se  chit peyi a ki enpotan pou yo,  sa ki konte se retire kom bab plas la, e yon plas ke yo te okipe déjà e yo pat fè anyen ki te rann posib ke peyi a te pran wout pou modènite. 

Martelly senbolize volonte e detèminasyo n pou peyi Ayiti chanje, e nou wè sa tou. Ayiti jodi a se yon peyi ki an chantye.

Kom chen grangou pa jwe yo sèvi ak baz popilè ki nan nesesité pou reini popilasyon ale krye aba  yon pwosesis key o itilize pou yo jwen popilarite e fè gen politk konsa rantre nan machin pouvwa e ramase kob popilasyon an. Ak 1000 gdes yo fè anpil moun ki nan mizè vini danse rara.

Devègonde wi,  men pa kriminèl. Lame ti moun se yon krim kont limanitè. Nou konnen tout gwo zotèy ki kache anbab kabann nan nou an,  pa bezwen rale tout mete deyo, jodia a se ansanm nou dwe chita pou nou fè Ayiti vanse.

Nou tout se ayisyen ann travay pou nou chanje imaj peyi nou an, paske se ansanm nou ka fèl

1er JANVIER 2015, YON JOUNEN POU’N REFLECHI SOU AVNI PEYI D’AYITI



1er JANVIER 2015,YON JOUNEN POU’N REFLECHI SOU AVNI PEYI D’AYITI
An bon jan ayisyen nou se yon wont pou nou e nan je tout lot nasyon ki ap gade nou. Nou gen mirwa nou devan nou, ak chak fwa, ke nou devan yon mas pèp iletre ke analfabét fonksyonél ak fè danse pou pias.
Nou gen mirwa nou devan je nou, a chak fwa nou fè konstate yon popilasyon ap kraze byen nasyon an, pake yo pas arive konpran menm idantite l.
Nou gen mirwa nou, an fas nou, a chak fwa nou ap gade kondisyon frè ak sè nou yo ap viv,  depi dig dantan nan brase la mizé.
Nou gen mirwa nou an fas nou, nan kale banda chita prejje ak diskriminasyon nan mitan popilasyon an.
Nou gen mirwa nou devan je nou, chak fwa yon dirijan pòv pran pouvwa'a, li fèl sèvi bank prive l.
Nou gen mirwa nou  devan je nou, lè nou ap anflame yon pèp pou li kraze bize eritaj pitit li, pou nou ka okipe plas pouvwa, ki pou nou yon bank prive.
Nou gen mirwa nou devan je nou, lè entrenou yon ap detwi lot ak mansonj.
Fyète Ayiti pase nan  transfomasyon nan bon jan edikasyon ak savwa viv ansanm.
 Lè dirijan yo va fè lit pou yo enstore nan peyi a, pou mete baz obligatwa pou moun ka manje, bwè, gen kay, gen edikasyon e yon bon sistèm sante.
Lè nou va rive mete tèt ansanm pou nou fè minimum sa’a, lè sa sèlman nou va ka komanse pale nasyon ankò.
Two  lontan ke sèl imaj nou voye kòm reflè nou, se mechanste, malonète.  Lekol nou se kraze brize detwi, signati nou diizyon.
Se pou sa li difisil pou gen tèt ansanm chak.
Chak gren moun se yon nasyon sa la koz, pa gen baz pou inite a chita.
Kolektivite pa di nou anyen anko, nou chak genyen yon epe damoclès sou tèt nou e pi grav la, se men nou ki kenbel,
1804 rive 2015 pèp ayisyen ap chèche idantite l toujou, li an dejeneresans le akiltire, la KOZ : DIVIZYON, PREJIJE, DISKRIMINASYON, ANALFEBETIZASYON, IGNORANS
Nan kafou sa’a chak ren aysyen dwe poze tet yo yon kesyon ki sa men fè pou sa rive la’a ou ki sa mwen paf è pu sa rive la’a. PASKE NOU TOUT RESPONSAB