mardi 8 novembre 2016

Mwen akize tout selil, ki konstitiye Jistis peyi m

Mwen akize
Mwen akize tout selil ki konstitiye Jistis peyi m.

Mwen rann nou koupap tout debandad, ki ap pase nan sosiete a, pouvwa jidisyè ke nou ye.
Egzekitif la gen wòl pal, palmantè yo gen wòl pa yo, ou menm tou jidisyè a, ou gen wòl paw. Se nou twa ki fè yon fòs ki dwe fè sosiete a viv byen.
Yo toujou ap lonje dwèt sou egzekitif, yo toujou ap lonje dwèt sou palmantè, men yo kite sou ban’an sektè enpotan’an, ki dwe asire vi trankil e amonye nan sosiete a, ki se wòl  sektè jistis la.
Sektè jistis andikape sosiete a, li pa janm pran travay li o serye, kòm si li pa konnen ke se li ki dwe bay sekirite nan la vi chak grenn sitwayen e veye ke tout ayisyen respekte manman lwa peyi a.
Si egzekitif la ka ap fè lobèy, si palmantè ap fè lobèy se koz sektè jistis la. Gen twa pouvwa nan peyi a, chak gen responsabilite pa yo.

Mwayen fonksyonman pa vini wè ak anyen,  lè yon moun fè antòs ak la lwa pou li pa sanksyone, kelke swa moun li ye.
Nou pa ka di nou ap travay pou nou bati yon Eta de Dwa, lè moun ki garan pouvwa sa’a ki se bay yon bon  anvironman pezib sanble y opa rekonèt responsabilite yo.  
Wòl jistis la se proteje sosiete a, e pou sa li dwe veye ke lwa peyi a respekte nan tout domèn san pèsonn pa egzan. Lwa se pou tout moun li ye.
Jodia nou gen yon ansyen prezidan ki ap fè kanpay e slogan li se dechougaj a kote yon marionèt, lap ensite moun ale dechouke.  
Nou tout konnen ki sa sa vle di. Nou viv zak teryorist sa yo déjà, nou pa enterese reviv yo. Map mande Sektè jistis la,  ki sa li ap tann pou li aplike sa’a lwa di sou sa?
Siw paka kapab fè travay ou, fè yon deklarasyon piblik nan radio ak tele e mande popilasyon an, pran mezi pou li pwoteje tèt li, paske ou pa an mezi pou sa’a
Se swa nou se fonksyonè ki reponn ak responsabilite nou e aplike règ ki fè nou obligasyon pou kenbe stabilite sosiete a, ou byen nou bay demisyon nou,  si responsabilite sa’a depase nou.

Nou mande pou sektè jistis la bay yon repons klè ak  deriv sa yo. Nou pat konnen boule, rache touye, dechouke nan sosiete nou an, nou te yon sosiete pezib, avan arive LAVALAS
Se pou tout rezon sa yo, nou akize sektè jistis la, ki twò lontan deresponsabilizel de responsabilite’l pou nou fè yo  konprann twòp se twòp.
Pa gen jenosid ankò, pa gen pè Lebrun, ni Evèk Lebrun ankò, nou vle yon sosiete kote tout moun ka viv trankil.

Fè TRAVAY NOU.
https://www.youtube.com/watch?time_continue=9&v=0hnQN_r5FGg