mercredi 30 septembre 2015

AYITI DWAT E GOCH

Lèw gen yon maling ou pa swaye l, li ka kangrenen, ou ka oblije koupe manm lan.

Dlo se la vi. Anvironman gen anpil pou li wè ak lonjevite la vi.
Ou gueri yon malad lèw konnen ki maladi li ye, se pa lèw kache’l  anba  dra.
Anvironman pa sèlman trou dlo, ak fatra, ki ap kale tout move ensek, ki ap ban nou tout vye maladi, li se tou jèn nou yo ki lage san ankadreman enstitisyonèl, ki ap fè jan yo konnen pou yo siviv.

Yon chen atake lè li nan sitiasyon ke li santi li an danje ou  byen mèt li an danje.

Leta aprè leta yo pa janm gen yon politik janm sou kreasyon anploi, se mode lague, tandike, kesyon kreasyon travay la, se yon faktè esansyèl nan devlopman e stabilizasyon politik e yon zouti kont ensekirite.

Sektè bankè nan tout peyi, se motè devlopman, fok leta defini ak yo kondwit prè yo, pou nou ka konstwi ekonomi lakay.

Sektè ekonomik ayisyen an, li degaje yon profil anti patriotik e nasyonalis.

Sistèm bankè a, entèrè li baw pou yon ti lajan pou demare yon komès, se yon ponya li ye, se komès pa l, li baw jere, ti profi ou fè a piti ou paka panse devlope aktivite l la, ou tounen yon travayè pou sistèm nan.

Revolisyon nou ap tan’n nan,  pou peyi a demare, chita nan yon vizyon patriotik e nasyonalis ke sekte ekonomik lan dwe devlope, ak tout antreprenè.

FOK SA CHANJE
 Fok li chanje sistèm travayè a, an kolaboratè, konsa lap ouvri sou yon ekonomi modèn va gen plis moun ki ka rantre nan kektè ekonomik lan e kreye anploi.

Leta dwe fixe pousantaj yon komèsan dwe fè sou chak prodwi e mete moyen pou yo respekte lòd etabli, konsa plis moun nan sosiete a, ka gen aksè a plis prodwi.

Fok nou vanse vè yon sosiete omojèn, gen tròp diferans.

Nan pwen diferans sa rive a, se detwi sosiete a. Chen grangou, pa jwe.

Lajan leta nan banbòch, pandan popilasyon an ap mouri grangou, leta dwe yon bon papa. Fok sa jere.

Konstriksyon yon peyi li pase nan respè enstitisyon, lakay se gagòt, ou debòch demokratik.

Debòch demokratik = anachi

Anachi a, se sa nou ap viv la’a, jounen jodia a.

Leta ayisyen dwe kontrole sosiete a, si non nou ap toujou genyen yon sosiete mafya. Tout je fèmen sou provnans richès, e pi mal yo respekte’w paske ou gen lajan, yo pa gen respè pou onèt sitoyen..

Yon sosiete an dekadans.

Ki profil sosiete nou  jodia a?

Yon nasyon ki sou dikta. Yon jenès ki pa gen idantite. Yon kilti ki anba pye pitit tè a?

An nou reflechi ansan, pou nou ka byen avanse


mardi 22 septembre 2015

VOTEZ MAGISTRAT NYRVAH FLORENS BRUNO, POUR CROIX-DES-BOUQUETS

Début de la campagne 23 septembre 2015.
Pour un réel changement dans la commune de la Croix-des-Bouquets, supportez le CARTEL MUDHAH # 6
PAYPAL
KWADEBOUKE@GMAIL.COM