mardi 14 décembre 2010

Nou beswen lame ayisyenn, li nan manman lwa konstitision peyi nou

Lè kriz Octobre la de depase pou dirijan Canadien yo, se lame  ke pierre Elliott Trudeau Premye Minis Canada a lepok,  te debake nan  Québec pou li mete fin ak kriz la.

 Tout sa pou mwen di lame gen rol li, si li pat gen rol li yo ta elimine nan tout peyi. Polis la pou li proteje vi e byen. Zagribay ki ap pase la, polis pa gen fomasyion pou li.
Nou kraze lame nou, nou mande lot lame vin ede nou, ed lame etranje. ki vin ban nou yon puisans etranje lakay nou, ki rantre nan tout bagay nou, san limit ato konstitisyion nou, yap tradwi pou nou.
Nou pa ka mete nan tèt nou lame nou te konen an, se mem nan kap tounen. Mantalité toton makout la, fok  li chanje,  pèp la chanje tou li kon dwa li men lè li pa konen tout devwa l.
 li pagen  dwa mem jan anko.
Men chimè san kontrol  ni comand pran peyi a, yo fè la pli e bon tan. Se fos sa nou beswen.
Chak pèp gen kilti e idantite, sa ki bon pou yon, pa oblije bon pou yon lot. Nou beswen yon lame avek jen gason e jen fi vanyant nan sosiete a. Yon lame ki gen moun ki fome ki gen tout metie ladan e pou garanti sekirite peyi a.
La, nou gen kabrit ki lague nan savan n. Nou konstate moun ap mouri sou je MINUSTAH yo pa reaji, nou bouke repete l. gade yon image nan yon plas piblik yon jèn nom bay yon ti jèn 2 bal nan tèt li, pou opinion politik li, san li pa pè angen represay. Nou te jam panse bagay konsa te ka posib.  Pa gen santimantalite , ni orgèy, ki ka rantre nan kesyion sekirite de leta ayisien.
 Se pat lame ki pou te kraze se refome pou li te refome.  Nan pa gen vizion  nou pran sa ki pi fasil, la pou solitione yon problèm ki te aktièl, san panse ak demen.
Nou ran nou kont ke gen moun nan polis la, ki  nan drog, nan kidnapping, ki nan tout sa ki pas bon tou.  Nou gen yon problèm de konripsyion ki blayi kol nan sosiete a, sa pa di pa gen bon polisye nan ko police la, men nou pa kraze l pou otan.  
Il fo ke nou pran konsians ke se nou ki ap kraze peyi nou, pou bilè vèt tout moun ki ap plwen poch yo ak lajan pèp la, ki ap kidnape, ki ap volè jistis. ki ap simaye prejije. Si nou tout te bay yiti premye plas la nou pat tap beswen etranje nan mitan nou, tout ong sa yo ki fin depatia peyi a. Nou tounen yon pè akiltire, san valè pwop, nou pa gen papwol, nou pa gen moralite, nou chak gen yon epe nan men nou nap poignardé Ayiti, e nap krye nou renmen. Mwen kwè li nesesè ke gen yon jeune national ki fèt  pou tout ayisyen konfese yo ak letènel e mande l padon e pou pran resolision pou yo fè byen pou Ayiti. Pou ge yon lidè  ke tout moun va mete men ansam pou ede l bati peyi a. Se nan alians sèlman nou ka rive soti, enmi nou se divizion.
Patriotikeman
Nyrvah Florens Bruno

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire