Lakou Siperyè des Kont e Konsèy Elektoral Provizwa’a, tou de se espwa peyi a, yo dwe bay peyi a, yon lò direksyon.
FOK SA CHANJE E SE JODIA LI DWE KOMANSE Yon van chanjman ap soufle sou Ayiti, chanjman sila yo gen 2 gwo enstitisyon ki potel. Lakou Siperyè des Kont e Konsèy Elektoral Provizwa’a, tou de se espwa peyi a, yo dwe bay peyi a, yon lò direksyon. Mwen te apresye moman sa’a anpil ke mwen te chita tande, jijman zòm e fanm deta yo, nan Lakou Siperyè des Kont. Mwen te reèlman edifye e mwen te kontan tou, nan manyè ke Jij yo te defan lajan kontwibiab yo. Mwen kwè, si yo rete fidèl ak politik sa’a, kontwol sou lajan pèp la, ki ap degaje a, pap gen dout, zòm e fanm Deta yo, ap oblije bay randman e ankò yap jere administrasyon leta, avek tout disiplin-n e riguè ke job la mande. Chita tande sa’a ankouraje-m nan travay anpil tou. Mwen ki vle pote kout men pa-m, nan devlopman peyi mwen, li montre-m chemen lespwa’a. Li tradwi pou mwen, se pa ròch map voye nan lanmè, gen yon lòt van ki ap soufle sou peyi a. SE MOUN TOUT BON KI DWE GEN...