Articles

Affichage des articles du décembre, 2015

Ayiti gen twòp fò swayè pandan li ap vide de san li, yap chante louanj li.

Image
Ayiti pa gen lidè nan sans pwòp de sa yon lidè dwe ye pou yon peyi. Gen anpil moun ki ap jwe wòl lidè, men yo lwen pou yo reponn ak ki sa yon lidè dwe ye.  Yon ti peyi nèg, ki dimansyon yon plan men, ki lib e libè, pou li fè devlopman l depi 1803. Li pa janm ka arive soti tèt li nan eta feodal.  Pou ki sa……?? Se vre nou g en yon problèm de sosiete, ti pò jòn, ti wouj, ti pò nwa, ou posede ou se moun ou pa posede ou pa moun. Ensanite sa yo, kwaze pye a, yo nan sèvo tout yon sosiete trist. Yon sosiete pa kapab evolye nan sotiz konsa, li ap depati l. Jèm ignorans l’an enkane nan lespri sosiete a, jenerasyon aprè jenerasyon. Yo pase’l tankou yon eritaj. Eritaj, ki se yon filozofi Oksidan’an pou redwi nou. Kenbe pèp nwa sa’a divize, po yo ka gen kontwòl yo. Se preskripsyon Delano Francois Roosvelt ke lakay yo li rantre tankou yon enstitisyon sou avni popilasyon ayisyenn. Pou pye Yanky a, tojou sou kou nou. Se pa konnen nou pa konnen sa, men pou ki sa, n...