dimanche 12 décembre 2010

ATTENTION GINETTE CHERUBIN: MWEN MENM STANLEY LUCAS, MWEN MANDE DEMISYON OU, RETIRE KO OU NAN TENTEN SA KE KEP LAGUE PEYI A

Atansyon Ginette Ginette Cherubin, KEP:

Genyen plyzye semenn de sa nou te komanse yon dyalog so prezans ou nan KEP a et jan nou tap jere eleksyon yo (Gade attachment). Malerezman bagay yo pa ateri. KEP la kontinye menm vye magouiy ke li tap aplike depi nan komansman ki vinn lague peyi a nan yon gwo tchouboum jou 28 Novamb. 

Aveti pa touye kokobe. Depi nan komansman nou te konstate ke kandida ki te dwe pran kanet pas pran kanet, jan KEP la tap jere lis elekotral yo pat bon e te sispek, politik amplwaye moun pa ki pemet INITE kontwole KEP, BED yo, BEC yo ak Biwo de vot yo, nou te gentan reyalize kleman ke se yon koudeta elektoral ki tap pare se pat yon eleksyon pou pemet pep la chwazi moun ki nan gou li. Tankou sa te di se sakifet, efektivman Gaillot Dorsinvil egzekite koudeta elektoral la pou INITE kom sa te pwevwa. Amplis de magouiy ak gagot, genyen ampil moun ki pedi lavi akoz de sa. Gade pi ba, wap konstate foto mesye INITE yo kap egzekite yon jenn 19 lane.

Ginette: Pep la pap vale kou sa! Pa genyen okenn eksplikasyon ke ou kapab banmwen anko. Tampri pa respe pou tet ou, pou peyi a e pou fanmi ou retire ko ou nan KEP kowompi sa. Map pwofite pou mwen mande oganzasyon fanm yo, Femmes en Democratie, Fanmyola, ENFOFAM, COFELH elatrye pou yo retire ko yo nan saltembank sa. Myriam Merlet ak Magalie Marcelin si yo te vivan toujou pat tap vale salopri sa yo.

Mwen remesye pou pou tan ou Ginette Cherubin. Mwen pral tande radyo pou mwen we si se pouvwa ki fe ou pedi lakat osinon si ou genyen repe pou peyi a a rave yon let demisyon.

Mesi pou tan pou e mwen salye nan lespri demokrasi ke map goumen pou li. Mwen BCC Ginette ak oganizasyon fanm yo pou email pa yo pa piblik

HAITI ELECTIONS: PHOTO D'UN ASSASSIN DE L'INITE EXECUTANT UN JEUNE ACTIVISTE POLITIQUE DE 19 ANS
POUR VOIR LE VIDEO CLIQUEZ SUR:WWW.SOLUTIONSHAITI.BLOGSPOT.COM

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire