Es ke pèp ayisyen prè pou demokrasi
Sa ki ap pase la, li rantre nan kad yon program ke enstitisyion yon programe pou peyi ya. Lè ou gade Ayiti, li gen plisyè imaj. Se yon peyi ki divise nan tout sans: Kiltirèlman, ekonomikman, sosialman.
Sa ki ap pase la, li rantre nan kad yon program ke enstitisyion yon programe pou peyi ya. Lè ou gade Ayiti, li gen plisyè imaj. Se yon peyi ki divise nan tout sans: Kiltirèlman, ekonomikman, sosialman.
Mas Pèp la beswen presidan pa li e li represante 85% nan popilasyion an. Kesyion pou nou repon tèt nou kounye ya. Es ke nou prè pou demokrasi, nan yon peyi ki gade yon popilasyion san edikasyion, depi 1804 dat li pran endepandans li. Mwen mem pèsonèlman mwen kwè ke non. Fok pèp gen yon minimum dedikasyion pou li ka konpran e rantre nan je demokratik la.
Demokrasi nen men yon pèp analfabèt se yon bom a retademan.
Se yon esprerians nou konen, nou viv li deja. Gen yon bagay mwen vle klè sou li, analfabèt fonksyionèl yo represante yon gro danje. Etranje yo pa gen entèrè nan imaj peyi Dayiti, ke li bon ke li mal, sa se bagay ki gade nou.
Sa nou ap viv la a jodia, se sa nou te prepare pandan des deseni. Gen yon klas moun ki choke de imaj Michel Martelly pwojete dan le mond, pou jodia li ta vini Prezidan Dayiti. Men Ayiti pa 15% popilasyion ki choke a, se yon minorite li reprezante. Gade Aristide, ki sa ki bali tout popilarite sa li genyen an, nan popilasyion an. Se paske li se pitit soyèt, pèp la santil plis ke yon lot.
Se resilta diskriminasyion, prejuge, moun an wo, moun anba, ki mennen nou la, jounen jodia. Sa ki ap pase la, se yon repons de resantiman ki tradwi konsa.
Moralite nou ap pale a, se pa pwoblèm popilasyion an li ye. Univèsite gwo chabrak se pa zafè popilasyion an. Li beswe santi yon moun ki bo kote l. Madan Manigat di deja pèp la pa fè diferans ak tafia e chanpay, men pèp la, se tafia li bwè. Se yon pèp ki du pou yon revolt, se yon barik poud ki ap tan yon etinsel.
Se Ayiti mwen viv depi 1986 mwen pa gen anpil tan depi mwen lese Ayiti pou yon kout tan, se la mwen abite. mwen fè preske tou peyi a, mwen tande anpil bagay e ki rega popilasyion gen sou moun la vil, ki di yo sipèryè yo. Gen reparasyion e rekonsiliasyion ki pou fèt avan, pou yon moun ki pa santi, ki nan kad yo, pou yo ta bali vote yo.
Gade sa ki pase avek Aristide machandiz la pat livre, li pram yon boujoiz li marye, men yo vle men si li pa fè anyen pwoban pou yo. Paske li kont ronf Jean, li domi ak Jean. <<poul pou gran malfini pou gran >> Madan Manigat fè yo pakèt alians ki desèvil. Fanm ke li ye, li tap gen plis chans si li te parèt devan popilasyion an konsa. Men imaj li gen avek li yo, ki te nan brase politik la, pa ede l ditou.
Martelly di pèp la, li pa yon politisien, li mem jan avek yo, li fatigue rete temwen de mizè yo, de soufrans yo, li pa vle pote nom prezidan, li vle vini pote yo sekou. Yon tel dikou, se nan nanm pèp la wi li ale. Paske pèp la pa imbesil, li konen sa ke Martelly di yo se vre, paske yo wèl ap bote sak diri al bay malere manje nan ouragan, yo wèl sal ak labou ak san ap ede moun nan period seism lan.
Koman pou yo pa vote yon moun tankoul. Gran lign politik, se zafè pa moun ki kon gwo lign politik. Pèp la beswen yon papa, yon manman, pou li pleyen sô li e ki konen yo ka pale avek li.
Men si eleksyion ta refèt nou tap gen mem resilta. Se etranje yo, nou tap bay yon repons de respè souverènte de pèp nou.
Men Popilasyion tap chwazi youn nan moun ki pwoh li tankou: Céant, Michel ou Wyclef etc.
Bossales yo ap vote prezidan pa yo, kreol ak lot pa ase pou enpoze pa yo a
Se demokrasi nou vle, sa se demokrasi
Valè moral yo pap jam mem, Tou otan ke yo ap rete san edikasyion
An nou swete Ayiti Bonn chans
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire