vendredi 20 août 2010

An nou bay Ayiti yon chans


Mwen kwè nan kopetans e lanmou nou dwe genyen pou guide frè e sè nou. Avan nou ale nan mote bloc siman fok nou gade koman frè ak sè nou ap viv.
Nou pa gen pou nou pedi yon gren ayisyen de plis.

Nou se yon popilasyion ki jèn e se jenès sa, ki fos nou. Nou pa vle tombe nan kouri anko, nan ensekiriti anko, nou gen yon nation pou nou bati e se ansam nou ka fèl.

Li pa lè pou nou gen divisyon, nan tout bagay fok nou jwen yon teren, pou nou antan n nou. Nap mete Ayiti devan e tout konsiderasyion aprè. Chak Ayisyen dwe gen yon panse ki sa li ka fè, pou li pote patisipasyon li. Sistèm group agripan ki akaparel tout riches pèp la, fok li kaba. Nou vle yon nouvèl Ayiti, Kote fanm ak gason, jèn kou gran moun dwe travay ansam. Pou nou rekonstwi Ayiti, fok nou rive retire tout prejuje ki makonen nan trip nou, depi ti konkonb ap rele berejèn.

Problèm Peyi dayiti se pa yon problèm lajan, se yon problèm de san konsians.

fok sistèm administrasyon piblik la ranfose e fok li gen tranparans e fok li enfomatize e desantralise. Leta dwe responsab ki wè avan tout bagay, nou beswen yon eguip ki eclere, yon program clè, pou nou sispan dirige peyi ya dijans an ijans, byenèt pèp la dwe pase avan. Vizionè ki ka mete yon strikti pou peyi ya vanse a kou tèm a moyen tèm e a lon tèm. Se pa bel otel, bel club, bel rwout ki di avaseman yon pèp. fok nou gen yon sistèm edikatif adapte pou jèn yo ki te kite lekol de fasonpou yo ka integre nan sosiete ya kon sa dwa.

Mete lekol de fomasyon nan tout domèn e fini avek pèpè kap depafini avek ekonomi peyi ya. Mete anpil enèji nan agrikilti pou nou ka jwen nan yon delè rezonab oto sifisanz alimantè nou. Sispan privatize byen leta. Fasilite e ancadre jèn nou yo nan kreasyon d'anploi, modènize administrasyon leta, avek yo, pou yon nouvèl ekonomi. Bare tout chemen pou agranpan ki pa jan gen ase nan manje pèp la. Aplike jistis la kom sa dwa a la ron badèt. tout moun dwe ka di koman li fè riches li.

Pou Ayiti pran pied fok vann banboch la koupe. Nou dwe viv nan respè yon ak lot demokratiqueman. Si nou gen yon objektif, e se sove ayiti, an nou mete men, pou nou sovel. Nou se yon pèp vanyan, nou kon soufri, nou kon batay e, se fos sa, ki banou kouraj sa, pou nou kanpe jodia.

Si nou vle, nap rive, men se ansam pou nou rive

Viv Ayiti, Viv la nasyon Ayisyenn


Nyrvah Florens Bruno

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire