vendredi 20 août 2010

Li lè, li tan, pou nou mete men ansam tout bon vre. syspan ipokrizi

Ayisyenn Ayisyen,

Mwen konprann soufrans nou imilyasyon nou e colè nou,. nou paka aksepte anko jwe rol chal papa se trop ato. kote nou rive la, nou pa ka kite moun sevi ak do nou pou bride chal yo. jé nou clere e fok li rete klere. Nan moman sa a, se pa tan pou nou nan goumen, pou nou nan divizyon, se tan pou nou mete tèt nou ansam pou nou avanse. lannuit 11 fevrye a, la pli tombe, ti poto toyèl nou mete yo, paté ka ede nou pran frap sa.

Nou malad, pitit nou blese, nou pedi pye, bra, nou gen tout sot de andikap, si lelit peyi ya, yo te wè nou, nou tap tande lapli men nou pa tap anbal. Si te gen lanmou pou pep la, ke se dirijan, ke se sosyete sivi,l preokipasyon yo tap pep la. Se pa moman pou gen grop politik kap fome a dwat a gauch. pou vin pran woulib sou do pep la. de pi nan kreyasyon nasyon nou ya fè politik salon monte prezidan jete prezidan. Se pep la ki bay manda pou travay pou yo men yo pa jan anyen nan je yo yo toujou nan labou, nan grangou. Ase se ase.

Tout ayisyen dwe mete men, pou ede frèl, konpatriyot li. Yo di nou tan ape rantre, tant ka rantre, men popilasyon paka tan tant. Li bezwen proteksyon konye'a. Se konen lelit pep la ak gouvènman pa konen ki sa pou yo fè? Sa ki ap fè comite politik yo, pa konen, ki sa pou yo fè sou ijans sa ki devan yo wa. Tant se solisyon pou 2 ou 3 jous. Nou pa konen pou konbyen tan nou la san kay.

Men saizon la pli rive. au lie yo mete tèt yo ansam pou soti nou nou nan sitiation sa, ya monte komite politik komsi se politik selman ki ka fè yo bakay pou pep la. Pou ki sa yo pa coule yon makadam de 4 pied pou soti nou atè ya mete poto bois 4/4 plante ladan kouvril ak feil tol repetel ampil e konsa pitit nou avek nou, va chape nan epidemi ki pral blayi kol nan saison lapli ya. mwen di yo kriminel se pa moman pou yo ap fè politik se moman pou yo mete tèt yo ansam pou sove popilasyon an, ti mou yo, jen yo nou yo, blese nou yo .

Nou beswen inion pou sove pep la, divisyon pap menen nou anken kote. lè nou fini regle problèm pep la, na fè politik. konye'a ya se tet ansam nou bewen pou sove populasyon an. chaisz boure ap toujou la Pep Ayisyen pran kouraj, pa bese bra .

Nyrvah Florens Bruno

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire