vendredi 20 août 2010

Ayisyenn, Ayisyen, Bon ane 2010 Nou kwè, nou vle, nap rive lwen

Nou goumen nou tonbe nou leve. Depi nan kreyasyon nasyon nou, nap goumen pou nou jwenn rout nou. Rout la devan nou, men nou paka kouri sou li, paske chak rout yo pran yon chemen diferan, e sa koz ke kamion a ap kraze, ak tout pasaje yo.

Mwen kwè nan lanmou nou pou peyi a. Nou se se yon sel pep, yon sel nasyon e se ansanm, pou nou rive bati peyi nou.

Nou pa gen tan pou nou lite younn kont lot; nan divizyon, prejije, vyolans, moun an o et moun anba, moun lavil et moun andeyo, moun po klè, moun po nwa.

Pran yon moman pou nou reflechi sou nou an kolektivite, pou nou ka fè bilan nou, sosyete nou. Sosyete’a se miwa nou tout, se reflè nou tout li pwojte. An nou bay Ayiti premye plas la pou li ka bel.
Ancèt nou yo te goumen, te tonbe sou mitray san yo te koule pou te bay nou eritaj tè sa. E, jamè yo te di nou pap tonbe sou fos okipasyon.

Divizyon menen nou tou pa tou ale bati richess pou lot peyi. Nou pa respekte valè nou. Nou bay tout sa ki soti deyo valè. An nou rekomanse nap pran rezolisyon, pou fwa sa a, nap goumen pou nou, pou peyi nou, pou nasyon nou.

An nou pran rezolisyon jodi’a, pou nou gen yon panse pou Ayiti, pou frè nou ak sè nou. Panse pou sa ki nan bezwen et sa kap vini yo.

Se ou, se li, se mwen, ansanm ki pou sove peyi Ayiti.

Nyrvah Florens Bruno,

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire