vendredi 20 août 2010

Bon fèt drapeau a tout ayisyen tou pa tou sou planèt la


Anniversaire du drapeau haïtien 18 mai 2010


Dat 18 mai ya se yon dat qui entèpele nou toutayisyen fam kou gason ti moun kou granmoun. Depi nan kreasyon drapeau nou nou ape goumen yon ak lot. gade kote li mete nou koynye la. Divisyon sa, koz ke nou pedi fiète nou devan etranje yo. Nou rive si ba, yon pèp kite si fiè, ke etranje ya ap twadwi pou nou konstitisyon nou.

Nou tounen yon ban zombi.

Koz divisyon nou pèmèt ke etranje ke nou te jire devan listwa pat tap foule sol nou kouye ya yo pran komand nou.

Patri nasyon pa di nou anyen.

Nou pa respekte popilasyon nou. Nou pa gen lanmou pou yo, se sa ki koze sa nap viv la jounen jodia.
Nou pa pran leson, pa kontinye an nou fè yon trèv chita ansam, pou nou ka soti peyi nou nan sitiasyon sa, Se pa nou li ye,

Si nou renmen, nou renmen mal, pandan nap goumen nap pedil.

Tout aysien ki ap viv lot bo dlo, konen ki sa, sa vle di viv kay moun. Defwa yo ta vle ale plante banann lakay pito, devan la pèn et angwas de diskriminasyon yo ab sibi. Men expwa ede yo viv , yo gade tet yo wo paske yo gen lagay.

Etranje ya fè tout fason pou li diw ou pa anyen, li pa vin colabore avew, li vini dirijew.
yo kouri machin yo avec plak lakay yo, san yo pa pran la pèn pou yo asire l . yo frape machin nou, yo gadew yo fè bak, yo ale. yo pale avek popikasyon an, jan yo vle.
San Dessalines nan, pa koule nan vèn Ayisyen anko, ki sa ki ape pase la?

Nou blye ki moun nou ye kote nou soti ? Se nou men, kite kampe devan pi gwo lame Francè pou nou rache endepandans nou, yo pat fè nou kadol. lame kont lame. Nan istwa pa yo, yo di yon soulèveman esklav. e nap paye radiès sa jis ka dat.

nou plen ONG lakay, ki ap depafini avek ekonomi peyi ya, nan bay sinistre medicaman perime. yap ramase lajan tou pa tou sou do pèp la. yo nan gwo kay, yo gen gwo, Jeep yo vini byen viv , anpil nan yo.

Lè nou ap kade deveni nou , nou pa hont? Lè nou ap gade gwo kay nou genyen avek dola amerkain nou pa hont? Lè tout moun konen nap touche en goud, ke salè nou pa ka ba nou richès sa yo, depi nan gran jouk nan piti, nou pa hont

Nou dechèpiye pèp la, nou pa kite anyen pou li, nou volè men charite yo fèl. e youn ap gade lot nan je.

Li pa two ta, pa kite ogèy pote nou ale an nou fè yo jèfo sou nou, pou nou rekonsilye.

Nou tout se frè ak sè, an nou pa kite etranje divise nou, tanpri.

O non de sa ki ap vini yo, o non de aye yo, an nou sove peyi ya
se sèl heritaj nou.

Nyrvah Florens Bruno
pitit tè d'Ayiti

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire