dimanche 28 août 2011

Yon vôt kontradiktwa

Dirijan e dirijant peyim, mwen salye nou byen ba e  mwen di nou mèsi pou tout koken travay sa, nou ap fè pou soti peyi a nan kafou difisil li ye la.

Nou chak selon  vizion  nou , nou ap defan pwen ke nou panse ki korek, avek fos manman lwa peyi a pou bousol ou byen  fos moral ki ka aplike  nan sitiasyion de kriz, vi konjonkti  nou ap travèse kounye la a.

Si nou pa mete hache de guè a, à tè  nou pap jam ateri.

Prezidan Martelly pa gen reprentativite la chamb men popilasyion an ale vote Prezidan yo, nan yon lage pousantaj e mete l chef peyi a. Yon lot kote, menm popilasyion sa a tou, vote Senatè ak Depite yo tou.

Koman pou konprann vot sa yo?

Yon vot ki di chanjman e yon lot kote yon vot pou kontinwite.

Nou konpran byen ke elekte yo, pa gen konpreansyion sou Jès yo poze a, men volonte yo klè, yo vle chanjman nan systèm nan.

Nou tande yo tou nan rezonman yo, lè yo gen chans fè tande vwa yo, yo di palmantè yo ap bloke peyi a, yo beswen ke promès yo ateri.

Jodia nesesite nasyion dwe  entèpele chak gren ayisyen konsekan e ansam soti peyi a nan kalamite li ap travèse a.
Nou pa ka pemèt nasyion an,  anko yon fwa de plis tome nan tirani ki ap desine la a, nou pase ladann deja, nou konnen li pote ke destriksyion.

Nou tap fè ke  otokraze peyi a.

Nan yon period, ke nou gen chans jwen, yon sèl kou, tout lot peyi zanmi di vle ede nou soti peyi nou, nan yon  eta lamantab li te ye avan e après 12 janvye 2010, vin bali dènye kout graz la, nou rete nan hing …hang e nou nan chemen pou nou pèdi bèl okasyion sa a, ou va di nou atire vè fos tenèb pou pitit tè Dayiti rete nan labou.

Si nou sèvi ak konsians nou, zye konsians nou ap fè nou konprann klè,  kelektè yo pa eklere sou zafè konstitisyion peyi yo.

Dirijan peyi ki ap travay pou li bati demokrasi, baz yo  dwe, aprann popilasyion an règ demokratik yo. Li te esansyèl pou popilasyion te konnen koman pouvwa yo mache. Ignorans sa yo gade popilasyion an, di byen ki mannyè, dirijan  yo te vle peyi ya mache.

Es se ke gen yon reèl volonte pou chita demokrasi a vrèman?

Koman bati demokrasi nan ignorans?

Konstitisyion an ki nan tèt popilasyion an an, se sètènman pa konstitisyion 1987.

Popilasyion an  kwè ke Prezidan an, ke fos pouvwa.

Tout dirijan peyi ya, depi adoption konstitisyion 1987 la,  nou tout koupab devan  nasyion an, e nou responsab de kriz sa jodia.

Fok nou jwen yon solisyion pou nou repare fôt sa yo pou nou ka sove sa ki dwe sove pou linite peyi a ka fèt.

YON PEYI KI DIVIZE PA KA AVANSE

Se pou sa jodia mwen mande Palmantè yo, pou yo make listwa, pou yo sèvi peyi a, pa sèvi oguèy yo, korije sa ki dwe korije yo, pou ranfosman enstitisyion peyi a, e  kore program edikasyion an tout jan, san nou pa blye  edikasyion civique ak moral, ki se chemen vè yon eta de dwa.

Soti peyi a jodia nan chit lib sa li vle pran la a, mande yon depasman de swa de tout sitoyen ki konsène.

Mwen kwè fason ki ideal la, se pou Palmantè yo jwe an plen rol lejislatè yo, ki vle di veye e kontrole sou  aplikasyion politik exzekitif la e gouvènman.

Wi l posib e se konsa vrèman nou ka ede peyi a soti.

Nou beswen travay legislatè yo plis ke jamè pou bati enstitisyion nou yo. Exzèse pouvwa ke popilasyion ak konstitisyion an  banou an,  pou nou ede peyi a vrèman soti nan mizè.
  1. Travay nan sans pou program politik la mache dwat e ateri pou peyi a;  
  2. kontrole tout sa ki ap pase nan enstitisyion yo e korije yo;  
  3. si gen sa ki ap pase mal mande explikasyion e pran sanksyion ke konstitisyion an prevwa pou sa;  
  4. akonpagne popilasyion  pou li ka gen yon vi miyo, poul  gen espwa pou lavni pitit li yo.
Si Palmantè yo ranpli kom sa dwa responsabilite yo, aprè manda Prezidan Martelly a, nou ap gen yon lot peyi, paske sitoyen yo ap eklere sou zafè peyi yo, vizion yo ap chanje, Konsa nou ka rive bati yon demokrasi tout bon vre.

VIVE INITE POPILASYION AYISYENN

Patriotikman Nyrvah Florens Bruno

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire