dimanche 28 août 2011

Ou pa respekte Martely byen, men pa betize avek la Prezidans, Père Raphael


Sa ki pase nan Mirbalais a, nan mès la li lèd anpil pou tout moun ki konnen e ki kwè nan respè e senbol ki karakterize yon peyi. Se pa paske yon nonm mete yon souta n sou ou, pou envesti de dwa ke ou pa genyen. Legliz dwe rele pè Raphael Bernadin Desras sa, e bali sanksyion pou kalite derapaj sa a. Se te yon mank respè flagran ak Prezidan peyi a san born. Tout moun ki respekte tèt yo, kom sitoyen, ke ou pro Michel Martelly ou advèsè ou sipoze choke de irespè ti pè sa. Li manke dega prezidan peyi nou an an gran pomp, devan la nasyion. Prezidan peyi a, se senbol reprezantatif peyi nou. Vrèman enstitisyion nou yo rive tro ba.

Ou pa respekte Martely byen, men pa betize avek la Prezidans, Père Raphael  Bernadin Desras

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire