mercredi 5 juillet 2023

SE YON SOSYETE DEMOKRATIK KI KA DIRIJE DEMOKRATIKMAN

 
Partagé avec Public
Public

SE YON SOSYETE DEMOKRATIK KI KA DIRIJE DEMOKRATIKMAN
13 Décembre 2020

Si prezidan peyi a, Jovenel Moïse, pran dekrè pou li kanpe Ajans entèlijans nasyonal ( ANI) konsa, se paske konpotman anachik ayisyen rive nan bout li. Mwen pa renmenl menm jan ak anpil moun, men dwe gen yon desizyon, ki pran pou kanpe direksyon lanfè peyi Dayiti pran’an.
Jistis peyi a, pou l te fonksyonèl, fok te genyen sitwayen patriot nan enstitisyon. Lwa penal kont tout kri m yo ta aplike, tap rezoud anpil deriv. Sektè jistis la, jodia dekriye e pouri.
Jistis peyi nou an, paka leve nasyon an.
Se sak fè nou gen yon dekrè ki chita ANI, jan li chita la’a a savè diktatoryal.
Li evidan konpotman san respè sosyete a genyen pou enstitisyon peyi a , pap pèmèt anken stabilite posib pou avansman peyi a, sa pran yon fos disyaziv pou reponn proposyonèlman a ajisman anachik yon sektè nan popilasyon an , ki pa nan respè enstitisyon e ki ale pi lwen preche dezobeisans sivil.
DEZOBEÏSANS SIVIL, SE CHEMEN POU DESTRIKSYON YON PEYI. PEYI KONNEN EFASE.
Se yon sosyete demokratik ki ka dirije demokratikman.
Nou deplore ke prezidan peyi a, chita ANI, konsa ak tout pouvwa sa’a, men nou konprann tou, dwe gen yon desizyon ki dwe pran pou li frenen fos fè nwa yo, ki deside kraze peyi a.
Se vre ke ANI, odesi de tout lwa konstitisyonèl peyi, men nan sikonstans peyi a plonje a, li dwe kanpe. Sa pran tout fos e tout strateji posib pou rekanpe peyi Dayiti, se yon fè e se domaj ke se nan nivo sa’a nou rive jodia.
Sistèm demokratik la, te dwe gen baz pou li chita.
Demokrasi paka chita nan yon sosyete ki gen tout fòm de privasyon, lap pran fòm anachi. << BANBOCH DEMOKRATIK>>
Pa Gen yon sitwayen ayisyen ki ka di jodia an Ayiti gen yon sistèm demokratik, la di pito an vwa demokratik, yo pa vle respekte kondisyon demokratik yo mantalman e kiltirèlman e nan mès nou.
Prejije e diskriminasyon ki se yon idantitè pwop a nou, deja yon baryè pou demikrasi chita nan peyi a.
Demokrati nan je la lwa: tout sitwayen egal.
Chita yon sistèm demokratik mande pou sosyete a gen bezwen de Baz yo:: travay- kay- edikasyon- santé.
Leta paka pi gwo anplayè nan yon sosyete, lap efondre, li pap ka peye anplwaye yo, koripsyon ap manje tout enstitisyon yo.
PROBLÈM PEYI DAYITI ANPIL.
MEN ZAFÈ TRANZISYON AN KABA.
Chemen prezidan peyi a pran pou li mete kouran ak wout nan peyi a, se pi gran desizyon pou yon chèf leta an Ayiti pran: mete enfrastrikti pou rann posib kreyasyon richès.
Mwen pa renmen tout fonksyonalite ANI, men mwen konprann fos propòsyonèl la pou kanpe derive devastatris, ki ka okazyone ke Ayiti efase kòm peyi.
An nou sispann aji tankou Otrich kap kache tèt li, konsa pa wè realite li, se konprann e afronte realite nou.
An nou tout pran yon sèl chemen: AYITI DABÒ.
Nyrvah Florens Bruno
Direktris jeneral mouvman Solda Ayiti Ayiti Solda
Soldayiti@gmail.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire