mercredi 5 juillet 2023

Peyi Ayiti poko ka leve yon pye pou pote anken chanjman.

Peyi Ayiti poko ka leve yon pye pou pote anken chanjman.

10 juin 2019

Se moun ki fè peyi e anpil ayisyen pa gen dimansyon ni volonte pou chanje sosyete a
Mwen ap swiv avek tristès plizyè pèsonalite ou animatè radio kap pale de manifestzsyon dimanch 9 jen an.
Nou tout dakò ak manifestasyon pasifik, se dwa tout sosyete demokratik e se vwa sa ke sosyete a genyen pou pase dezakò yo.

Manifestasyon an komanse pasifik, li chanje, vini gen derapaj li vini violan.
boule komès;
Kraze machinn
Voye roch
Tire
Boule kawoutchou
Voye gaz
Moun mouri

Aksyon mennen reaksyon, si li te rete yon mach pasifik, gen yon lot imaj e konpreansyon ki tap sikile.
De gras oganizatè manifestasyon yo, pa envite fanmi mennen ti pitit yo nan manifestasyon, paske nou pa gen anken kontrol de moun nou envite pran la ri a.

Mwen te swete ke gen dirijan nan oganizasyon manifesyasyon pran radio e televizyon deplore derapaj ki pase yo.

Se pa pale de sa polis la fè sèlman, paske nou konnen se koz a efè.
Nou dwe sansibilize manifestan yo sou koz derapaj la:
Moun a pè patisipe,
Afeblisman mouvman'an
Imaj e konpotman delekans

Oganizatè yo, dwe pote atansyon ak tout koz ki provoke derapaj yo e fè yon kanpaj sansibilizasyon sou respè yo dwe a byen moun e byen leta, pandan tout trajè a.
Manifestasyon an posib, paske se yon dwa demokratik.

Demokrasi a bay dwa li bay devwa, li bay responsabilite e li gen zouti poul kontrole li, la lwa.
Se yon yon fomil demokrasi a ye, sil manke yon vigil, se pa fomil la.

Chita demokrasi a, se fè chwa, pou nou viv byen ansanm.


Nyrvah Florens Bruno
SAAS

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire