mercredi 5 juillet 2023

LÈT OUVÈ ADRESE A : IZO - 400 MAROZO - TI LAPLI – G 9 E ALYE MANYEN YON MANYEN TOUT- KRACHE DIFE- JE PÈP- E A TOUT LOT CHEF GANG, KI NAN TOUT TERITWA PEYI A.

LÈT OUVÈ ADRESE A :
IZO - 400 MAROZO - TI LAPLI – G 9 E ALYE MANYEN YON MANYEN TOUT- KRACHE DIFE- JE PÈP- E A TOUT LOT CHEF GANG, KI NAN TOUT TERITWA PEYI A.

30 juin 2021

Sikonstans la vi a antrene nou nan endistri bandi, paske nou pa deside soufri grangou, diskriminasyon ak prejije.
Nou se vikti m, men jan ak frè e sè nou yo, ki ap viv men tribilasyon ak nou, kap tonbe anba bal nou yo, ak tout lot tribilasyon yo, Nap oto detwi tèt nou.
Endistri bandi se zouti li ye pou sèvis sektè politik e klas ekonomik lan, li pa yon avansman pou peyi a.
Moun sa yo ki nan sektè sa yo, yo anrichi yo sou san pèp la e yo ipoteke menm vi pitit nou, ki poko menm vini sou tè a.
yo pa ni bezwen nou, ni renmen nou, nou se yon zouti pou yo.
Chak za m yo pote ban nou ak kaguezon minisyon, eske nou realize, ki sa pri za-m lan te ka konstwi pou byenèt nou. Lè nou mete pri tou za m sa yo ansan m, eske nou realize ki devlopman li te ka realize nan katye nap vi lan.
Lè yon moun ap travay, se pou li chanje la vi li e konstwi fanmi li. Nou tout gen pitit ak madanm, ki garanti nou genyen lè nou tonbe e ke pitit nou pap tonbe pita anba za m ?
Lajan pa ka fè tout bagay nan la vi a, li sèvi byen se vre, li avan tou yon trè move mèt.
Enmi nou yo, se moun ki fè chwa kraze anviwoman-n, monte nou yon kont lot, tandiske nap viv menm soufrans e menm kalamite, yo kondanew pou mouri ak yon za-m nan menw.
Ou pa gen pitit menm jan ak yo, ki bezwenw menm jan ak pitit pa yo ?
Ou pa moun men jan ak yo ?
35 lane yap fè nou mare za-m, ki sa ki chanje nan vi nou e anvironman nou ?
Konbyen nan nou ki tap mare za-m, ki kite yon ban ti moun ofelen san sekou?
Nou tout se jèn gason ak jèn fanm, la vi peyi a repoze sou do nou chak.
Eske nou vle kraze peyi a e kontinye detwi sanblab nou yo e anrichi vrè kriminèl patron gang a kravat yo, ki fè nou fè zouti pou yo fè kapital yo sou destwiksyon fanmi nou e sou tout peyi a ?
Nou konsyan ke sa pap ka kontinye, paske Ayiti paka peri.
Fos lame etranje ka rantre mete lod e se nou menm kap vikti-m pa vrè kriminèl yo, se domaj !!!
Jodia nou ka chanje sa e bay Ayiti yon lot chemen.
Denonse tout moun ki ap ame nou yo e detwi nou yo pou fè kapital politik e ekonomik sou tèt nou.
«FOK NOU DENONSE YO POU SA KA FINI POU VI NOU CHANJE E POU PEYI A KA PRAN YON LOT DIREKSYON. »
Wi !!! Denonse tout moun sa yo ki kondane nou vivan pou mouri, ki pa gen anken konsiderasyon pou nou kom sitwaye menm jan ak yo e sèvi ak nou kom zouti pou detwi sanblab nou, paske nou toujou BOSAL yo,
Mande yon gras kolektif
Remèt za m yo e pote plent pou tout patron gang a kravat yo.
Ansanm nou ka sove Ayiti
««Yon konba se yon konba
Yon bon konba, pa detwi sanblab li, li pa detwi peyi li, li detwi advèse li »»
Pa: Nyrvah Florens Bruno
Apwouve pa BCEH
Administratris biro kriminoloji anpirik Dayiti (BCEH)
Fondatris mouvman Solda Ayiti Ayiti Solda
Potoprens jodi a , 27 jen 2021
BCEH OFRI YON SÈVIS DAKONPAYMAN KRATIS A TOUT VIKTI M KI VLE POTE PLENT YO.
BUREAU DE CRIMINOLOGIE EMPIRIQUE D’HAÏTI
Raison sociale «BECH.» Immatriculation Fiscale :000-702-169-6.
Jean Ulrick Pavilus Criminologue Analyste, Président fondateur (PDG)
Nyrvah Florens Bruno, Vice Présidente Fondatrice (Administratrice Générale)
jpavilus007@gmail.com
nyrvahfbruno7@gmail.com
bcehaiti@gmail.com et bcehaiti.blogspot.com
tel: 509 34 42 08 31
509 38 21 46 93

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire