mercredi 5 juillet 2023

AYITI GEN PROBLÈM MOUN

PÈP AYISYEN A LA WONN BADÈT, NOU PA GEN PWOBLÈM PREZIDAN, PWOBLÈM NOU SE SISTÈM LAN KI DWE CHANJE

3 NOVANM 2018

DE 1986 NAP PASE DIRIJAN E TRANZISYON SOU POUVWA'A E SAK PÒV YO AP VINI PI PÒV.
LIDÈ NOU YO KONNEN BYEN PWOBLÈM LAN, MEN MALERÈZMAN YAP ITILIZE KAFOUYAJ LA POU NOU TONBE NAN YON TRANZISYON, KI PRAL RANN NOU PI PÒV E FASILITE YO ANRICHI TÈT YO.

AK TOUT LIDÈ NOU YO, KAP BAT BETON AN, BAY AYITI YON CHANS, POU PÈP LA KA RIVE JWENN YO ZÒ TOU.

PLIS KE 30 LANE, YON PEYI PAKA FONKSYONE, TOUT LIDÈ VLE PREZIDAN KE PEYI A AN SANN, YA CHITA SOU PIL SANN LAN, SE PA LANMOU SA'A YE.

RENMEN PEYI SE PA NOU LI YE, NOU WÈ BYEN KOMAN LÒT PEYI SERYE SOSYETE YO RENMEN PEYI YO. PEYI A PA POU PREZIDAN JOVENEL MOÏSE, LI TE RIVE PLU 5 LANE, KONPOTMAN NOU AP KRAZE PEYI A POU 50 LANE E NAP ANGLOUTI PI RÈD NAN MIZÈ, PASKE LIDÈ BETON BEZWEN TRANZISYON POU CHANJE SITIYASYON LA VI YO.

NOU ABITYE AK FÒMIL SA YO, KI SA YO JANM POTE POU NOU PÈP? SE ATIZAN YO KI PRAL PIYE TI KRAS KI RETE A, ANYEN PAP CHANJE, NAP SOU MÒD BAK. NON NON NON
NOU PA KA FÈ PÈP LA SA'A. KONBYEN AVENI TI MOUN NAP PERI. KONBYEN JENERASYON KAP ANGLOUTI AVAN MENM YO PARÊT ?

SI PA JANM GEN STABILITE KOMAN POU YON LETA KA RIVE TRAVAY, MONTE EKONOMI LETA'A E BAY SÈVIS AK POPILSYON AN.

NOU GEN ANPIL PWÒBLÈM FRÈM AK SÈM YO, NOU VLE KE PEYI A OFRI NOU POSIBILITE POU NOU KA VIV DESAMMAN, POU NOU KA JWENN SWEN SANTE KÒM DA DWA, BON LEKOL POU PITIT NOU, BON WOUT POU PWODWI NOU YO PA PÈDI, LUMYÈ NAN TOUT PEYI A, ESKE NOU PANSE YON TRANZISYON PRAL TRAVAY POU PEYI, NOU TOUT KONENN REPONS LAN.
PEYI NOU PA GEN PWOBLÈM PREZIDAN, PWOBLÈM NOU, SE SISTÈM LAN.

NOU PA DWE PÈDI EFÒ KAP FÈT LA YO O PROFI YON TI GROU KI ENTERESE AK SA KI RETE NAN FON KWI PÈP LA.

OUVÈ JE NOU, AVANL TWÒ TA, NOU PASE MALADI SA'A DEJA, REMÊD YO TOUJOU MALATYONN.

NOU PAP PRAN MALADI SA'A, POU NOU PA NAN PRAN REMÈT MALATYONN.

RENMEN PEYIW, SE RENMEN FRÈW AK SÈW KAP VIV BÒ KOTEW. PROTEJE TI MOUN YO E METE TÈT ANSANM POU NOU KA RE BAY VI AK KOLEKTIVITE A.

YON VÒT POU AYITI
SAAS

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire