dimanche 2 octobre 2011

Se yon, ou lot. Lame ya, ou fos etranje ya.


Lè ou mèt lakay ou, se lè ou gen cle kay ou 
Nou ta vle fè mwen konprann ke jèn hom e jèn fanm nou yo ki fini sèk etid yo a, nou pa fè yo konfians pou yo proteje heritaj yo a,  paske se yo menm ki fral fome lame nou ap pale la a.
Chak period vini avek zafè pal.
Menm jan nou pap ka  tounnen nan rechèch kriminèl anko, ou for dimanch lan.
Se menm jan nou pa ka tounnen nan boule moun ak kaoutchou anko, dechoukay boule moun nan tout lari pou opinyion politik yo.
Men gen yon bagay ki evidan ensekirite ya blayi kol tou pa tou, e zafè ensekirite sa a, fos oblije li rete.
Pale pou pale sou teren Dayiti nou pa nan diskou, nap viv yon  realite.
Yon jèn fi nan wout pou li ale lekol, bandi kenbe l pran telefon li,  e aprè pouse l devan yon machin, se chans li frape li pa mouri, fè sa a, se pa anyen li ye devan sa ki ap pase chak jou bon Dye mete
Epi ki fyiète pou yon pèp genyen lè sekirite l chita nan men fos okipasyion? Nou pa yon nasyion men yon popilasyion ki lague sou yon bout tè, ke yon ap dechire lot yo pote asistans yo paske nou pa konprann, e si nou kontinye yap fini pa pran mayèt la pou mennen nou. A tout evidans nou montre, ke nou pa men konsian de sitiasyion nou menn.

Nou pa gen konsians depi nan gran dizè jis anba, se pou sa nou gen fos etranje lakay nou.
Nou pa gen fyiète se pou sa nou pèmèt solda etranje vini mete pye sou lestoma solda nou yo. Nou ka imajine pye solda Ayitin sou lestoma blan Ayiti tap sote…..Men nou pa konnen sa ki rele lajèn.
Nou pa gen santiman nasyionalis, nou pa respekte travay zanzèt nou yo.
Nou tounnen yon bab flibustye nou san konsians. Zafè lakay nou nou, se nou ki dwe mennnen sa,  pa zot.
Nou kanpe sou dechire yon ak lot,  nan kritik nan hinghang nou pa deside mete tèt ansam pou nou sove sa ki rete pou sove yo.
Sa ki chè pou yon moun se goumen ou goumen pou li, li pa mete l an peril.
Nou gen bèl sitadèl sa a, kom nan konpotman nou nou fè Ayiti vle tounnen yon bout tè abandone, se touris dominiken  ki vini vizite l, yo pa konnen si se  Ayiti yon mennen yo, nou pa gen  sekirite sou fontyè nou.  
Si  nou refize mete tèt nou ansam pou nou ede popilasyion an e pwoteje heritaj zanzèt nou yo kite pou nou. Se pat yon konba ki te fasil se san yo ki te koule pou banou Ayiti sa a. Nou pa gen anken dwa mete l an peril ke nou konsian ou ke nou pa konsian de implikasyion chak jes nou poze.
Nap viv jodia ya nan yon mond ouvè, ki vle di, nasyion ap veye sou yon lot nasyion.Nou se piti, e nou gen ase examp devan je nou, pou nou aprann, fè respè nou, konsa evite di sim te konnen. pawol pale pawol konprann.

An nou goumen pou nou sove peyi nou, Ayiti

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire