mercredi 25 avril 2012

Kouraj nou tout ki an dèiy, nou pa poukont nou.


Nou pote vwa nou, ak tout lot moun, ke disparisyon Ajan Milot Jean-Hilaire e Calixte Walky touche, nou di yo kouraj
Ak fanmi, zanmi, e koleg li yo, Tèt kale Tèt kole nan Kwadèboukè, swete yo kouraj e li mande yo kenbe fèm. 
Nou touche pa doulè nou e nou pataje soufrans yo.
Nap viv yon period krisial nan peyi ya, e se koud ak koud pou nou mache pou peyi ya ka rete sou chemen, ki pou mennen li vè Ayiti nou vle bati ansam nan. 

Nou mande Bondye akonpagne nou e veye sou pitit li yo, ba nou limyè e konpreansyion pou nou viv ansam, nan lanmou yon pou lot, nan yon mem sousi, AYITI DABÔ, pou san frè nou ak sè nou sispan koule. 

Kouraj nou tout ki an dèiy, nou pa poukont nou. 

Patriotikman Nyrvah Florens Bruno

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire