vendredi 6 avril 2012

Demokrasi pou peyi Dayiti se yon objektif li ye.

Ayiti pa yon peyi demokratik, va gen demokrasi nan peyi ya, lè va gen bon jan fomasyion, edikasyion nan popilasion ki fèt pou explike , ki sa ki demokrasi ya. 


Tout sa popilasion an konpran nan koze demokrasi ya, anpil ladan yo, se pouvwa yo genyen pou yo fè, sa yo vle, ki tou ta fè kontrè avek rek demokrasi ya. Pou nou twadwi rek demokratik la, pi senp : Dwa chak moun fini kote pa lot la komanse. Sa vle di gen baryè ou pa ka enpozem, sa ou vle ya, si mwen pa vle l, mwen gen dwa, 


Demokrasi ale nan de sans li pou ou, mem jan li pou mwen tou, ou pa gen plis dwa ke mwen , paske nou gen mem lwa ki dirije nou. 

Lè yon moun ap fè difamasyion se yon zak anti demokratik; 

lè yon policye arete yon moun , li mete menot nan bra l, li ap bat li, se yon jèst anti demokratik; 

lè yon vwazin ouvè radio li fô, ou li ap fè korôt avek micro a 4 trè di maten, anpeche tout moun ki nan anviroman domi se yon jèst anti demokratik; 

lè yon moun di sa li vle ak bouch li sou yon lot moun e sa li di pote prejidis ak nom moun li site ya, se yon zak anti demokratik; 
yon moun ki pa ka jwen jistis paske li se yon malere, li an nafè avek yon gow zotobre, se yon zak anti demokratik; 
lè yon moun pa gen mem sèvis ak yon moun ki gen posibilite, se yon zak anti demokratik; 
lè yon moun menase yon moun ak yon objè, mem si li pa frape moun nan, yo rele sa vwadefè, se yon zak antidemokratik ki kondanab;


Sa yo se kelke fè anti domokratik ki note la a. 


Sa ki ekri la yo, pa respekte pou tout sôt de rezon nan peyi ya e se yo ki baz demokrasi ya. 
Popilasyion pa sosialize ditou pou demokrati e pa gen anyen yo fè tou pou yo ta bati yon anvironman pwopis pou demokrasi ya ka inplante l.

Demokrasi ya enpotan pou peyi nou an avanse, men avan popilasyion an, dwe konen ki sa ki demokrasi ya. 


Nou tout se moun, mwen dwew respè ou dwew respè e ansam nap bati peyi nou. 
Demokrasi yap pale nan peyi ya la a jodia se woulib yap pran sou do popilasyion an. Demokrasi ya, ta dwe komanse nan enstitisyion yo, e se la mem ke machin anti demokratik la pi rèd. 


An nou bay popilasyion bon jan fomasyion, montre l ki sa ki demokrasi ya, pou li ka konpran byen koman peyi l la ap fonksyione, kom tout sitoyen ki gen dwa. Ayiti dabô
NOU TOUT SE AYISYEN 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire