mercredi 6 juillet 2011

Mesaj pou Palmantè ki pa konnen ki rol yo dwe jwe, pou bati demokrasi, nou tout beswen an nan peyi Dayiti



Un chat est un chat, un chien c'est un chien. Nou pa gen palemantè responsab. Tout demokrasi ke li anform ou nan jèm li chita sou yon rok solid pouvwa enstitisyion yo. Yon pa gen dwa ramplase lot et yon dwe veye sou lot. Nou deplore anpil ke palmantè nou yo, gen lot enterè ke avansman peyi a. ki fos yon lejislatè genyen, lè li tonbe nan machin ki ap administre a. Mwen kwè se enstitisyion li apateni an, li ran fèb li tombe nan konfli dinterè. Nou swete ke palmantè yo resezi yo, fè travay yo, jan konstitisyion an mande l la, Ke desizion an teknik non politik. Nou respekte peyi nou, lè nou respekte enstitisyion nou yo. Lè nou respekte konstitisyion nou, nou fè fiète nou devan etranje, se pi bèl eritaj nou ka kite pou pitit nou. An nou lite pou nou mete chita bon jan demokrasi. Se yon wont lè tout yon peyi panse ke moun ki dwe veye sou entèrè yo ap goumen pou jwen yon plas nan yo lot pouvwa enstitisyionèl pou li ka fè kob. PATAJ GATO. Ede nou sove peyi a, veye sou jan lot pouvwa yo ap mache e raple yo mache dwa, kom sa dwa. Fè travay ou pou peyi a ka avanse, MÈSI PALMANTÈ

Patriotikman Nyrvah F. Bruno

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire