lundi 11 avril 2016

Tout krim se krim, Kriminèl pa ladan'l

Depiw pa gen pas pouki, komisè Danton Leger, lave peyi.

Depi endepandans nou, nou ap gagote peyi Dayiti, Gen lòt avanw ki te kanpe konsa, yo pa fè lontan. si jodia a yon patriot ki revelel se yon nasyonalis e deside pote koreksyon ankò, ak zak enjistis ke pèp la ap sibi, mwen di Bravo.

Paske gagote lajan sou dò yon pèp,  ki ap kroupi nan mizè, se kriminèl.

Komisè Danton Leger, couronne Soulouque la, sa ki la'a pa sanble'l non, ki kote li pase? Moun ki Bav e onèt sitwayen,  pa bezwen gen lapè, paske se moun ki mlonèt ki  komèt zak kriminèl sèlman sou dò nasyon an, ki ap frape.

Se pa tout moun yo rele, ki fè sa ki pas sa. An nou ede jistis la pran pye, pou nou ka rive bati peyi nou an.

Se pa sèlman volè lajan leta ki mete peyi a nan sitiasyon li ye la'a Komisè Danton Leger, pi gwo kansè a se nan lakou jistis la, li chita. Kriminèl pa rete nan prizon ankò. Nan vann jistis sosiete a kraze.

Lè yon polisye arete yon kriminèl, epi nan kelke mwa, kriminèl la reparèt sou li, vi polisye a an danje, pou ki pou polisye a arte yon kriminèl e pou li pèdi vil kelke mwa pita. Jistis la vann kou pen cho. Tout moun nan yon sosiete pa ka ap viv ak lapè nan trip li. 

ki sa nou ap fè ak jenès peyi a. kondisyon vi a pa bon pou li grandi, ki sitwayen li ap ye demen si li kondisyone vi'l konsa?

Kou la brim du swa tonbe, tout moun ap chèche chemen kay yo. Aktivite noktin pa ekziste ankò, se yon pèt ekonomik li ye, li ogmante chomaj la.

Mwen kwè se prezidan Jacques Chirac, li gen pitit li, ke yo arete pou yon enfraksyon epi yo rele'l. Li mande pou ki yo relew, es ke pitit mwen,  pa yon sitwayen fransè tankou tout lòt sitwayen fransè yo,  li ajoute gen sanksyon ki prevwa pou deli,  li komèt la. 

Solda Ayiti Ayiti Solda, mete peyi a sou ray li.

Twòp moun mouri pou grangou, pou yon sachè oksijèn, pou yon piki anti tetanos, pou dlo bote, pou swaf... nan desepwa.

Lèw manje lajan leta ou bwè san pèp la, lèw wap bay kriminèl libète pou lajan ou ap touye peyi a.


https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10207360976917531&set=a.1498063126423.2070690.1079471644&type=3&theater

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire