vendredi 1 avril 2016

SI NOU PA VANSE, NAP Fè BAK

A chak fwa mwen tande kritik sou akò a, Mwen paka anpeche-m mete an reliyèf moun kit e konsevwa li a. Paske fok yo te edidye’l e byen reflechi sou aplikasyon ‘l. Lè ankò se yon nan signatè yo ki ap aplke’l, mwen pa dwe gen anken dout sou realizasyon’l, ke mwen kont li ou mwen pou li, paske se pèsonalite Deta, yo dwe konnen ki sa yo ap fè.
Responsabilite pèsonalite Deta chita nan tèt pi gwo institisyon peyi a, ki se la prezidans pa piti, li responsab vi e byen  de tout moun e ankò ekilib sosial e polik la sou dòl.
Mwen deside fè jiska jodia ankò, Prezidan Joceleme Privert konfians, paske reponsabilite’l two gran anvè yon nasyon, ki dekouzu e ki chita sou yon baril poud.
Jodia a, plis ke jamè nou dwe mete tèt ansanm pou nou sove peyi Dayiti, si vrèman gen lidè nan peyi sa’a yo dwe chèche chemen inite.
Yon vwa  popilè pa fosemanyon vwa sense ki ap  benefik pou yon pèp, e se la’a ke pèsonalite  deta yo defini kapasite yo
Nou konnen tout presyon ke Prezidan Jocelerme Privet gen sou do’l, li tire a dwat e a goch, men li dwe konnen tout desizyon yo, se li menm ki ap andose yo.
An nou gade profil lidè nou yo, eske se lidè pou Ayiti yo ye? Nan yon kafou osi periye te dwe gen yon chita pale ki fèt antre tout opozisyon reini e mete tèt ansanm pou yo ka mennen batay pran direksyon peyi a, men se pa sa ki ap fèt. Pi fò nan yo vle prezidan yo pa solidè, yo pa ka mete tèt ansanm dèyè kandida Jude Celestin, Pouki sa’a? Nou ka di, sou konsta sa’a se pa koze peyi, se kose pa yo ego yo pi fò ke entèrè peyi a.
Mwen kwè ke kandida Jovenel Moise te dwe enkyete’l fè fas avek opozisyon an, men pa gen fos vre nan opozisyon an, se chak koukou klrere pou jew.
Gr G8 li ka nenpòt lòt bagay men li pa li paka  la, yon group, li pa genyen yon sèl vwa. Profil la lèd anpil, pa gen diskisyon pou peyi vre, Ayiti se yon manmèl li ye.
Pèp la dwe komanse konnen davantaj moun ki di yo se lidè yo a, e konnen ki es yo ye?
Se chak period elektoral yo soti bat tanbou. Map raple pou lidè nou yo, yo gen men responsabilite ak pouvwa nan vansman peyi a, ou pa bezwen pouvwa pou patisipe nan travay lakay.
Travay lakay se pa bay manje ak bay yon pias, li plis ke sa’a se ankadreman, ki chita nan fomasyon tout jan, ki ka pèmèt popilasyon an, ka goumen pou li gaye la vi’l.
Poze tèt nou kesyon sa’a, ki lidè mwen ye?
Prezidan Jocelerme Privert, ou gen yon misyon ki gran e frajil, sou li depan avni peyi nou an pou lontan, mete fen ak emoraji sa’a, se ou men ki gen pouvwa pou kanpe’l jodia. Nou konnen ki sa tranzisyon vle di, nou pase ladan’l.
Gen de vwa politik pou stabilize peyi a, Mesye Jude Celestin ak Mesye Jovenel Moise, Opozisyon an ka regoupe’l an fas Kandida Jovenel si se peyi yo wè.
San presyon Prezidan Jocelerme Pivert eleksyon tèt dwat
AYITI DABO
Solda Ayiti Ayiti Solda
www.soldayiti.blogspot.com






Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire