mardi 26 avril 2016

Chwa pa-m, pa nan zanmiray, se yon chwa lojik. Mwen envitew ou menm tou fè yon chwa lojik, paske Ayiti se zafè pa nou


Mwen ap vote yon kandida ki gen yon bon program defini, yon program, ki pral soti Ayiti nan chèn mizè, se pou sa mwen fè chwa nèg banann nan. Malerèzman mwen pa konnen program lòt kandida yo, e mwen pa kwè ke Ayiti merite kopi kole ankò, plon gaye. Swè pa m pou peyi a, se pou toutayisyen fè chwa yon program, men pa yon moun. A chak fwa, nou, ayisyen nou fè chwa vote moun, nou lague peyi a nan yon katastrophe. Nan tout peyi, yo vote program, pou ki lakay nou vote moun, Ou te mèt frèm ou byen papa-m sim ou pa gen yon program ki kanpe mwen pap votew, paske votew paske mwen se zanmiw, se fè chwa ankò, yon lòt fwa kraze peyi-m. Mwen pa mande anken moun swiv mwen, Chwa program ke mwen chwazi a, li ka, pa chwa paw la. Chèche konnen ki program yon kandida pote nan diakout li, avan nou fè chwa pou nou vote'l, epi fok li di nou koman program li an ka realize. Nou ka pa gen menm vizyon, men nou tout se frè ak sè e manman nou tout se AYITI. 


Program nan dwe gen yon plan reslizasyon, konsa nou ap fè chwa 
peyi, pa moun. 

Ansanm nou ka vanse

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire