mercredi 15 avril 2015

Ayiti gade an otaj


 

Se ansam pou nou defann dwa lakay, Nou se yon, nou se yon sèl pèp, Nap komanse pa retire divizyon an, ki makonnen nou an. Nou ap mete arè pou nou pa konsilye tout ayisyen, se pa bon. Fos ekonomik peyi a deyo, basen savwa peyi a deyo, a ki fos nou ap goumen la,a pou nou refè plimaj peyi nou an. Konnen li pa vle di savwa, nou gen yon pakèt analfabèt fonksyonèl ki pran sektè direksyon peyi a, ki kote nou vle rive konsa. An nou gade pou pi devan, an nou pran bon ekzanp tankou Israel ki jodia se yon fos. Politik lakay se tankou yon gad manje, se sa'a pou nou konbat. Pou nou konbat li, se tet ansanm ak gwo fos peyi, ki se diaspora. Tout otan nou ap fèmen pòt, pou pitit peyi a, ki se fos peyi a, nou ap rete yon repiblik de banann. Nou se yon pèp maron. Blan ka rantre nan koze lakay nou jan li vle paske nou pa gen fyète, Blan konnen ki sa ki bon, nou menm, nou ap pouse yo, paske nou pè yo. Blan rekonèt valè yo, li pran krèm pitit tè a la kay li e li bali tout valè, li men mete l premye sitoyen lakay li, tankou Très honorable Michaëlle Jean , pou men site li sèman. Nou menm nap bare chemen pou yo, paske nou mete tè nou an premye, pou gad manje a, pa byen peyi a, nou pè pou yo pa va vini pran plas nou, Ouvè peyi a, nou gen twop jenerasyon ki pèdi deja. Konbyen ki pou pati nan peyi san chapò nan mizè, nan fè nwa, nan tout jan de kras, avan pou nou libere peyi a. Kou nou pran pouvwa pou 2 jou nou rich, mwen konprann nou pa bezwen sa chanje. depi jan nou anbarikade nou nan kay nou tankou yon prizon, nou redwi peyi a lakay nou, chak kay se yon Ayiti, nou montre dezinyon nou. Si tout kay pat anbrikade nou pat tap genyen tout ensekirite sa yo. Ouvè peyi a, ramase tout pitit tè a e ansanm, na sezi wè koman peyi Dayiti va pran anvol li, laguel pou li mache, laguel........ laguel...... laguel

https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10204942165368754&set=a.1498063126423.2070690.1079471644&type=1&theater

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire