mardi 28 avril 2015

Alerte rouge

Alèt rouj

Sòm meri yo, egal ak peyi a, lèw pa gen respè pou ogàn enstitIsyonèl sa yo, ki reprezante pye peyi a, ou kraze peyi a.

Mwen retire chapò-m devan responsabilite e kouraj Pemye minis Evans Paul KP, , E mwen konplimante l, pou sans responsabilite-l  e an mèm tan,  pou mwen mande l, pou li jwe tout patisipasyon l, sou bon jan ankadreman ke ajan devlopman yo dwe jwen,  pou yo ka byen repon ak esponsabilite yo.

Li enpotan,  Premye Minis Paul,  ke popilasyon an, konnen responsabilite moun ke yo mete dirije pou yo a. wòl chak aktè sa yo. Fè bon jan kanpay sansibilizasyon sou sa, pou popilasyon an ka byen eklere.

 Fok gen bon jan fomasyon ki bay tou pa tou nan peyi ya, pou  popipilasyon an sispan mande ak yon depite,  wout, lekol, lopital e latriye, se lejislatè  yo ye,  yo pa ajan anvironman,fok derive sa yo  kanpe. movè fonksyonman sa yo demantibile tout kolektivite ya, e  yo prete ak tout fòm de korupsyon.

Ranfose kolektivite yo, se bay peyi a la men pou li vanse.

CHAK ELU GEN WOL PAL,  NAN YON SOSIETE. DEMOKRATIIK E NAN YON SOSIETE DE DWA

An nou travay ansanm pou yon lòt AYITI

Nyrvah Florens bruno, Kandida  Meri Kwadèboukèhttps://www.facebook.com/photo.php?fbid=10205046428575269&set=a.1498063126423.2070690.1079471644&type=1&theater

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire