jeudi 12 mars 2015

Asasina Jounalis jean Dominique. Fok gen yon deklarasyon ki soti, ki pou bay pèp la limyè. jounalis fè travay ou.

Si nou se patriot tout bon, si se Ayiti nou wè tout bon vre, nou dwe poze tèt nou kesyon sou deklarasyon Oriel Jean. Paske sa mwen tande yo, fok gen yon deklarasyon ki soti, ki pou bay pèp la limyè. silans lan tradwi yon non respè pou popilasyon an. se pa selman de lanmo Jean Dominique ki an keksyon, Oriel Jean nan pale li yo, li fè konprann ke Ex-prezidan'an te kazèk jiska prezidan, e li te kontwole jistis la. Mwen gen respè pou ex-prezidan Aristide, Akizasyon sa yo twoublan, nou gen dwa pa pataje menm ideoloji, sou koman nou dwe konstwi peyi nou, se demokratik. Mwen rete kwè ex-prezidan Aristide pou respè popilasyon an, li dwe di yon mo. NOU TOUT SE AYISYEN, PA GEN GWO SITOYEN, NI TI SITOYEN, NOU TOUT SE MOUN. Jodia ya nou pral wè, si gen jounalis an Ayiti. Wòl jounalis la, se pa di sa ki fè la non, men se ale chèche konnen ki sa ki verite a. Jwenn aktè yo, pou eklare popilasyon an se wòl jounalis yo. Mwen menm mwen vle konnen




Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire