mardi 3 mars 2015

25 lane san politik

 25 ane san politik se yon bèl pwojè ki tap san anken dout retire peyi Dayiti, nan la bou, men avek pwofil politisyen nou yo, li pap posib.

Politik nan peyi Dayiti se yon job. Tout goumen mete pikan kwenna sa’a, ki genyen an, se pou  yon job, se pou pouvwa, se pa yon lit ki chita sou vizyon diferan tankou yon lit dopinyon, se retire kòm banm fè yon kou.

Lè grangou a mare tout bon, pou yo fèw konpran yo vle pran plas pouvwa’a,  yo pito mouri fok gato a separe, te gen plis moun kintap mache ou pale pasi pala, ou pa tende yo ankò, yo jere yo, men pouvwa paka jere tout moun.  Vant yo mare ak politik se sèl job,  yo kwè yo kon fè.  Yo patriot ase pou yo mete dife nan peyi a, si yo pa ka jwen moso nan gato a.

malerèman jèn nou yo, anpil ladan yo, pa sosialize nan yon anvirnman ki sisite yo reflechi, e poze kesyon sou veritab motivasyon lidè ki ap chofe bann nan.

Yo pa aprann pa ekzanp tou, paske yo wè, yo tande yo konprann. Tout moun yo voye monte rich ak lajan leta a.

Pou ki sa yo konprann e yo patisipe nan manifestasyon sa yo aprè Duvalier?

Nan lojik pan m, yo pa m, yo wè y opa gen avni  nan peyi a, paske yo pa panse avek yon veritab strikti pou yo, ki dwe garanti yo anploi aprè etid yo. Men yo dwe konprann tou si pa janm gen stabilite politik pap janm gen stabilite economik yo lye.

Dwe gen yon etid ki fè pou oriante jèn yo, sou oriantasyon vokasyon yo.

Pi gwo richès yon peyi se la tè, peyi Ayiti li  vyèj.

 Tout etid sou lagrikilti fèt déjà, nou dwe apropriye nou yo. Peyi Dayiti ka chanje, men li gen yon karans de moun.

Si nou pran system sante a,  te mèt gen lopital nan chak kwen nan peyi a, li pap jamè soulaje popilasyon an, paske pa gen yon rejim pou li, e fok regim nan, ta otonòm.

Leta paka bay tout moun swen gratis, menm nan gwo peyi yo pa kapab.

Tout moun dwe patisipe nan systèm sante a. Tout moun dwe peye yon kat sante, pri kat la ap varye selon revni moun nan ou fanmi an.
Se sou prezansyon kat la ke detantè kat la, ap jwen tout sèvis gratis, laboratwa e latrye, san li pap genyen, pou li peye senk kòb nan lopital la.

Kat sa yo, ap nan posesyon benefisyè yo pou 50 goud jiska 2500 goud pou ane a, selon stati chak kontribyab.

Chak ane tout moun dwe prodwi deklarasyon enpo yo e se sou deklarasyon enpo sa yo ke biro DGI ap detèmine kontribisyon chak moun.
DGI ap remèt sitoyen an resi ke li peye rejim sante a, benefisyè a ap pote nan Biro rejim sante a, resi DGI a 2 fotos.

Benefisyè a ap tounen nan Biro rejim sante a pou li vini prank kat li. Livrezon kat  sante a,  pa dwe depase 15 jou.

Mezi sa yo tou, ap pèmèt dirijan leta’a konnen konbyen abitan nan chak zòn, e ki zòn ki plis bezwen ankadreman.

Leta  Ayisyen, an general pa jwwen tan pou jere peyi. Depi premye mwa pouvwa an plas nan  komand peyi a,  patripòch yo  rete sou mòd poz,  ap retann ki jou, yo ap rele yo.

Lè yo jije pagen espwa pou yo jwen nan gato a kòm yo rele l la,  yo komanse fè  mobilizasyon, chofe beton an pou sekwe pouvwa.

Pouvwa se yon gato, fok li pataje, se ideoloji yo.

Kesyon an pa peyi, se enterè mesken yo ki prime.

Lè siviv yon sitoyen lye ak politik, li katastwofik pou devlopman yon peyi, e se ka peyi Ayiti.

Gen anpil nan eli nou yo sèl job yo ka fè se politik, yon bagay ki pat ap posip si popilasyon an te ankadre, pa bon jan enfomasyon.

Ankadreman popilasyon an pa depann sèlman de pouvwa’a tout aktè nan yon sosiete dwe jwe rôl li.

Lèw ouvri sèten televizyon an general sou ki sa ou tonbe sou yon group mizikal ak jèn fi,  ki ap pònògrafye yo, mizik yo pa kontrole,  yo fè soti ladan yo tout jan de pouriti e ti moun yo, se nan anbians sa yo ap sosialize, nou déjà wè jenerasyon aprè ya pwofil la.

Nou ap vanse chak jou tet dwat vè labi m.

Peyi Dayiti, yon nan pi gwo pwoblèm li, ou ap jwen yon kwafè vini DG nan yon bwat ki ap administer peyi a depi chi Duvalier a, san li pa genyen anken bagaj  nentèlektyèl, pou sa
.
Eta peyi sa’a  ye la, li difisil pou jere leta, menm lè ou ta gen tout bònn volonte.

Siw gen yon vizyon pou ateri ou vle rete fidèl ak li, pagen wout pa bwa fok ou jere pouvwaw, paske pa gen opozisyon, se opozan ki genyen.

Konsians nasyonal ayisyen ap agonize.
Nan yon repiblik bannànn se pa entèlèk la ki konte, se fos ponyèt la.

Nyrvah Florens Bruno,
Solda Ayiti Ayiti Solda
www.soldayiti.blogspot.com 

https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10152685270296806&set=p.10152685270296806&type=1&theater



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire