mercredi 25 mai 2011

Yon politik destabilizasyion komanse pou deranje gouvènman


Prezidan pam,
Li enpotan pou o kouran  koman polisye yo ap bwitalize machan yo, ak moun ki gen komès nan kontenè yo bo kote ayeopo a. Mwen kwè gen yon politik ki kache nan fason yap  maltirize moun sa yo. 
Mwen wè moun sa yo ape pran kout makak ak fizi nan tèt yo, e sa mwen tande  yap di sou koman yo desi. 
Mwen konnen se pa politik paw sa ye. Mwen temwen de britalite yon polisye ki chavire yon tab ki genyen tout komès yon malerès nan labou Croix-des-Bouquets. Se sèten la vi fanmi sa, pran yon gro kou. 
Imaj sa yap brose pou ou a, li pa bon menm. 
 Wè kout ke kout pouw mete fren ak zak mechanste sa a. Ajisman sa yo, mwen kwè yo kapab  nwi  bon travay kew komanse fè, pou soti peyi a nan labou ke nou ap patoje ya. 
Tout moun ki di yo renmen Ayiti, se pa nan divizion pou yo chita, men se nan mete men nan men, pou ansam soti peyi nou, kote li ye la. Yon echèk pou prezidan Martelly, se yon echèk pou peyi a. 

Ayiti dabò


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire