mercredi 4 mai 2011

Nou, 4 milion ayisyen yo rele diaspora a, mande pou rekonèt nou, nan nasyionalite ayisyenn san restriksyion

Pase mesaj sa a,

Nou, 4 milion ayisyen yo rele diaspora a, mande pou rekonèt nou, nan nasyionalite ayisyenn san restriksyion

Ayisyen nan diaspora, pran not de atitid palemantè yo, ki ap fè tout jwèt, pou nwit zafè ratifikasion doub nasyionalite.

Depi emosyion te akouche konstitition 1987 ki te gen pou prinsipal objektik makout pa ladan- nan, san konsiderasyion de tout sa ki pat nan entèrè kolektivite a.

Peyi a redwi an yon bout tè san manman, kote ensekirite blayi kol, ak patripoch ki pa jam rasazye.

Nou, yo rele diaspora, nou reprezante 4 milion fanm kou gason ki dewo e ki ap veye sou peyi nou, Ayiti.

Nou mande palemantè yo, pou yo chita e repond ak revandikasyion 4 milion ayisyen sa yo, ki pat jam ale devan anken tribinal pou renonse ak nasyionalite yo.

Nou mande pou rekonèt nou nan nasyionalite ayisyenn san restriksyion

VIV PÈP AYISYEN A TOU JAMÈ INI

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire