jeudi 1 janvier 2015

Mwen fatigue avek bann voye monte sou do Prezidan Martelly, Jodi a mwen deside reponn nou

Mwen fatigue avek bann voye monte sou do Prezidan Martelly, Jodi a mwen deside reponn nou, sou koze Prezidan michel Martelly a san emosyon.

Tande byen Michel Martelly se yon Atis li te ye e li ap rete yon atis, tankou anpil atis li ka eziberan, li ka menm gen yon yon kote pèvèti lakay li,  men,  an nou antann  nou byen,  se pa prezidan Martelly ki gen  genpou li jennen de spektak li kon bay yo, se nou ki renmen sa,  e se an foul nou ale sipote l e se nou tou kifè de li yon atis ayisyen ki arive viv konfotab.
 Atis la ba nou, sa nou mande l, tankou tout lot atis  yo li pa diferan. Se sa ki te fèl tounen pou nou yon idol.

Lé nou mete atis la a kote, nou jwen potorik gason sa ki gen volonte pou travay e ki renmen  peyi l,  epi li wè jibwèt a dwat a goch.

konpran byen li atis se vre,  men sa pa retire anyen nan nanm ayisyen li.

Li wè li ka fè mye ke sa ki la yo, ki vini ap okipe koze lajan yo, yon seri domi pov leve rich, li di fok sa chanje.

Popilasyon an te fatigue ak gran manjè sa yo ak tout pakèt politisyen tradisyonèl sa yo, ki gen Pati politik kou  eleksyon pwoch.  Popilasyon an jije, li prefere pran nonm sa ki pa nan ikpokrizi a,  ke anpil volo ak kravat ki bon nan bèl diskou, yo sipote l yo voye l prezidan yo.
Martelly erite yon peyi ki nan yon mizè atros e an plis yon goudougoudou mete l kouche.
Nou tout konnen peyi a te nan mizè tout jan avan li te tonbe anba goudougoudou ki mete kouche tout bon vre.
Moun  ki gen volonte, souvan vo mye ke moun ki gen ekserians,  sitou lè eksperians lan, sè sèvi li sèvi plis, pou fè demagoji.
Tout politisyen tradisyonèl sa yo te la deja sou teren yen, pou ki sa se Martelly ke popilasyon chwazi.
Michel Martelly tap jwi vi atis li, fè yon yon detou, pou li vini mete men li nan konstwiksyon peyi li pandan tout save politisyen yo la.
Wi gen de koi pou gen wont, lè popilasyon an, mete moun save sa yo chita e deklare nou pa bezwen nou, banm Martelly atis devègronde a.
Wont lan pa pou Martelly men byen pou yo menm ki mennen bak peyi telman mal key on nonm ki pat sou koze politik ditou, deside antre nan ronn nan avek sèl zouti li volonte l pou li chanje kondisyon popilasyon an.
Prezidan Martelly rive nan tet pouvwa paske, politisyen tradisyonèl yo pat reprezante anyen nan je popilasyon an yo pat kwè nan yo yo te bay yo kanet déjà.

Men kom yo pa gen la kay yo anyen de patriot de nasyonalis ego yo pran premye plas la, o lye ou jwen yo vini pote patisipasyon pa yo, pou repare peyi a ki kraze  e envite tout ayisyen mare senti yo pou yo mete tet ansanm men lè sa di, paske yo soti lwen, yo pito kontinye goumen fas a defètyo a pa ogèy  pou chapote pouvwa Martelly san yo pa menm konnen, ki sa ki pral rive aprè.
Ayiti pa nan premye plas la nan lojik rache manyok la.

Michel Martelly vini erite yon peyi ki ograba tout jan tout bon nasyonalis e patriot konseken dwe mete tet ansanm avek li pou retire peyi a kote li ye a e fèl vanse. Men nou devan yon lot tablo.

Enstabilite peyi a pa enpotan pou yo, se  chit peyi a ki enpotan pou yo,  sa ki konte se retire kom bab plas la, e yon plas ke yo te okipe déjà e yo pat fè anyen ki te rann posib ke peyi a te pran wout pou modènite. 

Martelly senbolize volonte e detèminasyo n pou peyi Ayiti chanje, e nou wè sa tou. Ayiti jodi a se yon peyi ki an chantye.

Kom chen grangou pa jwe yo sèvi ak baz popilè ki nan nesesité pou reini popilasyon ale krye aba  yon pwosesis key o itilize pou yo jwen popilarite e fè gen politk konsa rantre nan machin pouvwa e ramase kob popilasyon an. Ak 1000 gdes yo fè anpil moun ki nan mizè vini danse rara.

Devègonde wi,  men pa kriminèl. Lame ti moun se yon krim kont limanitè. Nou konnen tout gwo zotèy ki kache anbab kabann nan nou an,  pa bezwen rale tout mete deyo, jodia a se ansanm nou dwe chita pou nou fè Ayiti vanse.

Nou tout se ayisyen ann travay pou nou chanje imaj peyi nou an, paske se ansanm nou ka fèl

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire