jeudi 1 janvier 2015

1er JANVIER 2015, YON JOUNEN POU’N REFLECHI SOU AVNI PEYI D’AYITI



1er JANVIER 2015,YON JOUNEN POU’N REFLECHI SOU AVNI PEYI D’AYITI
An bon jan ayisyen nou se yon wont pou nou e nan je tout lot nasyon ki ap gade nou. Nou gen mirwa nou devan nou, ak chak fwa, ke nou devan yon mas pèp iletre ke analfabét fonksyonél ak fè danse pou pias.
Nou gen mirwa nou devan je nou, a chak fwa nou fè konstate yon popilasyon ap kraze byen nasyon an, pake yo pas arive konpran menm idantite l.
Nou gen mirwa nou, an fas nou, a chak fwa nou ap gade kondisyon frè ak sè nou yo ap viv,  depi dig dantan nan brase la mizé.
Nou gen mirwa nou an fas nou, nan kale banda chita prejje ak diskriminasyon nan mitan popilasyon an.
Nou gen mirwa nou devan je nou, chak fwa yon dirijan pòv pran pouvwa'a, li fèl sèvi bank prive l.
Nou gen mirwa nou  devan je nou, lè nou ap anflame yon pèp pou li kraze bize eritaj pitit li, pou nou ka okipe plas pouvwa, ki pou nou yon bank prive.
Nou gen mirwa nou devan je nou, lè entrenou yon ap detwi lot ak mansonj.
Fyète Ayiti pase nan  transfomasyon nan bon jan edikasyon ak savwa viv ansanm.
 Lè dirijan yo va fè lit pou yo enstore nan peyi a, pou mete baz obligatwa pou moun ka manje, bwè, gen kay, gen edikasyon e yon bon sistèm sante.
Lè nou va rive mete tèt ansanm pou nou fè minimum sa’a, lè sa sèlman nou va ka komanse pale nasyon ankò.
Two  lontan ke sèl imaj nou voye kòm reflè nou, se mechanste, malonète.  Lekol nou se kraze brize detwi, signati nou diizyon.
Se pou sa li difisil pou gen tèt ansanm chak.
Chak gren moun se yon nasyon sa la koz, pa gen baz pou inite a chita.
Kolektivite pa di nou anyen anko, nou chak genyen yon epe damoclès sou tèt nou e pi grav la, se men nou ki kenbel,
1804 rive 2015 pèp ayisyen ap chèche idantite l toujou, li an dejeneresans le akiltire, la KOZ : DIVIZYON, PREJIJE, DISKRIMINASYON, ANALFEBETIZASYON, IGNORANS
Nan kafou sa’a chak ren aysyen dwe poze tet yo yon kesyon ki sa men fè pou sa rive la’a ou ki sa mwen paf è pu sa rive la’a. PASKE NOU TOUT RESPONSAB

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire