vendredi 5 décembre 2014

Un peuple sans mémoire, est un peuple sans avenir

VIN DI KI SA OU TE FÈ MYE. VINI KONVENK MWEN.

Un peuple sans mémoire, est un peuple sans avenir 

Yon peyi ki te malad depi jouk dantan, vini blayi sou dol yon goudou goudou. jodia ya li sou yon ray pou li pran pi bon chemen pou li vanse. Mwen ta renmen konnen ki remèd mirak nou gen nan manch nou, ki fè nou ap branle peyi a e enpozel mache. Nou tout ki pale pi fò yo, sonje byen nou te la avan ki sa nou te fè pou striktire peyi a pou li pran wout devlopman. Jere mizè pa solisyon peyi a. Pou peyi a vanse fok li gen strikti. pou ki konbat yon prezidan ki ap goumen pou bay peyi l yon strikti pou retire l yon fwa pou tout nan labou. foknou wè tou pandan gwo konba sa'a ap fèt la prezidan peyi ya mete plisyè sèvis sosial pou ede popilasyonè: Lekol gratis; bous pou etidian; ede PEP; ti manman cheri pou nou site ke sa'a yo. konbyen milye moun ki te anba tant gaye nan tout peyi a, nou pa wè sa sou je nou ankò. wout ap fèt nan tout peyi a an plis 17 lise modèn, plisyè sant ospitalye , òfelina; lekol pwofesyonèl. bis pou transpote ti moun lekol gratis. aeopòt amenaje, aeopò konstwi O Kap, e lòt an konstwi. Ministè yo ap konstwi bèl edifis ki fè fyète peyi nou. Yon prezidan ki atantif ak bezwen popilasyon an ak fèb mwayen. Sa vle di yon sèl bagay lanmou, volonte, detèminasyon. Ki sa nou te fè mye ki vle nou ap di aba ba nou jere. Fok nou apran pa kite moun jere nou ak 1000 pias. Se konsa li te ye avanbaz baz fè baz frèt. Si nou vle bati pey a pou nu kite yon eritaj pou pitit nou li mande sakrifis, nou pap travay pou moun an travay pou peyi nou. Nou gen anpil ekzanp nou ka pran sou dirijan avan yo. machin leta pa yon bwat pou moun vini fè lajan domi pòv leve rich. se an pias yon peye yon dirijan nan leta, kote yo pran foti n si se pa lajan pèp la. An nou di non fwa sa'a se AYITI. Fwa sa'a nap travay pou nou ak pitit nou yo ki ap vini yo. Tout sa nou bezwen se tèt ansanm pou Ayiti dekole tout bon vre.AYITI SE POU OU LI SE POU LI LI SE POU MWEN, NOU TOUT LADAN N ANSANM AN FÈ AYITI VANSE.

https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10203987347218897&set=a.1498063126423.2070690.1079471644&type=1&theater

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire