mercredi 3 décembre 2014

Operasyon YON LòT ORIZON



Operasyon <<YON LòT ORIZON>>  
 Redistribue richès peyi a, pou tout moun jwen.

Ogmante kantite enspektè fiskal sou tout teritwa’a, yo dwe soti nan kategori  jèn ki fini ak premye sik etid segondè. Yo dwe gen yon  bon salè e rete nan yon fomasyon kontini.
Objektif : 
Politik sila ap pèmèt valorizasyon  jèn nou yo,
Patisipasyon yo nan zafè Leta,
konstwi ekonomi peyi a,  
Diminiye zak briganday.
Kreasyon anplwa

Peyi a ka mache, pou sa fèt,  fok gen yon chita pale ki fèt ak tout sektè nasyonal nan peyi a,  pa sou zafè politik, men sosial.
Sansibilizasyon an dwe nasyonal, li dwe akonpaye pa 4 ministè tankou: Ministè Finans; minister Entèryè; minister kominikasyon; ministè Edikasyon.
Kreasyon danplwa, se premye zouti pou Ayiti vanse.
DGI se vant ekonomi peyi a, li se motèl. Striktire DGI se striktire ekonomi peyi a.
Nou se patriot, nou se nasyonalis nou vle Ayiti vanse . Peyi nou gen lajan, an nou brase l, pou tout moun jwen.

Nyrvah Florens Bruno
Koodonatè jeneral
Mouvman Solda Ayiti Ayiti Solda

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire