vendredi 13 décembre 2013

Nou ap sibi pèsekisyon politik



Jodia ya mwen malad nan kòm, men pa nan lesprim. Mwen ap pran swen pou kòm,

Fè konfians ak Katel la,  nap kontinye travay pou nou e  reponn ak beswen Krisyen yo.

Mwen ap enfome tout Krisyen yo, Katel la, te  mete andisponibilite ajan yo, pou li restitiye Meri ya.
Li bay yo yon lèt ki mete fen ak sèvis yo, e mande yo, pou yo mete dosye yo an nòd nan administrasyon an tankou pote:  2 foto; yon CV; e yon sètifika bòn vi e mès ke biro DCPJ dwe remèt yo pou yon prochèn kolaborasyon.
 Pou ki sa : anpil se mò yo ye (chèk zonbi).  Gen 393 anploye enskri  nan Meri ya, sou liv kontab la,  , se pandan nou soti  fè perol la,  nou wè yo.  Perol te fèt nan 4 sektè aktivite: jeni; ajan kominal, domèn  e  vwari

Pou mwen ban ou yon ekzanp gen 82 sekirite, mwen pa ka jwen 10 lè nou beswen yo, se chèk zonbi.
Gen 83 lòt moun ki sou perol san yo pa nan anken  administrasyon nan Meri ya.
Yon lòt ekzanp mwen mande nan Direksyon afichay la,  lis kontribiab yo pou tout komin lan li pa ka banm 10 kontribiab e chaje afich nan tout komin nan.
Pou mwen fini ajan kominal yo, anpil ladan yo patisipe nan zak vandalize Meri ya, tankou kraze biro, jete a tè tout dokiman e batijonne yo  nan kaka ak lwil motè sal. Nou mete yon komisyon  pou fè swivi zou zak vandalis yo.
2e pi gwo mache peyi ya ki se Kwadèboukè,  chak vandredi li ap bay anviron 20.000 gdes . Yo politizel
Kwadèboukè se yon teren ki pyieje, lit la anpil.
Nyrvah Florens Bruno,  endike  STOP  ak tout anti chanjman.

Atichanjman yo, bay  sitwayen Kwadèboukè yo,  yon chans

AYITI SE PA NOU E SE ANSANM NOU KA CHANJE L.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire