dimanche 15 décembre 2013

kansè ki ap ravaje peyi Dayiti ya rive nan zo e li atake mwèl peyi ya.

Sa pran yon revolisyon pou kat la rebat, men pa gen anpil fanm ak gason vanyan devan twoup la, sa koz ke apatrid yo, analfabèt fonksyonèl yo, pran plas moun ki gen vizyon yo  nan plas lidè eklere yo, apatrid e analfabèt fonksyonèl yo, ap kondwi pèp la nan abim.
Tout nasyonalis ki rantre nan konba'a pèp la, yo fè nanèv pou yo elimine'l fisikman si yo pa rive, yo chache lot riz.
Pou pèp sa libere,  pou li soti nan mizè,  se jou li va di tout bon vre, li bouke, FOK SA CHANJE.
Fok pèp la  renonse ak 1000 gdes ak zam ke vagabon abiye ap ofril yo pou yo detwi tèt yo a. Jou yo va rekonèt ke yo sèvi avek yo, tankou yon zoutil pou fè lajan.
Ou se yon lidè lè ou fè pwoblèm popilasyon an pwoblèm paw, lè ou pa mete baryè sikolojik antre ou menm ak pèp la.
Ou pa kaw di ou se yon lidè,  depi nan premye ti kòb pèp la ki tonbe nen menw nan,  ou demenaje kitel nan labou olye pou mete menw ansanm avek li pou fè kiraj, devlope zonn ki baw pouvwa pou reprezante l la.
Ou se yon  dasoman.
Deriv sa yo yo repete nan kaziman tout peyi ya. Fok gen yon lwa ki entèdi eli nan yon zonn, kite zonn nan lè li eli e konsa li va oblije pote ameliorasyon nan zonn yo.
Zòm ou fanm Politik  pa vle di paspò pou volè, men se yon zouti pou ameliore zònn ou.
Kote nou rive la'a bak la parèt difisil paske gen twop grangou nan vant e nan tèt.
Jan zansèt nou yo te kanpe ya, fok nou tout bon sitoyen konpetan kanpe o nom de pitit nou yo ki gen pou ranplase nou yo, mache devan yon revolisyon pou chanje fas peyi ya.
Ane pase aprè ane, nou rann nou kont yo ap lave sèvo popilasyon an,  yo fèl tounen zonbi pou li detwi tèt li. Fok nou kanpe pou nou di NON ak akaparè sa yo, ki ap simaye divizyon antre nou yo.
 yo lote nou an plisyè kategori dayisyen, olye yo chache koman pou yo fè rantre tout pitit tè a, e mete AYITI NAN PREMYE PLAS LA,  yo pito ap gade kouman pou yo mete frè ak sè yo deyò sou sol zanzèt yo.
Tout sa se odetriman peyi ya,  yo vle rete sèl kok chante nan ignorans yo.
Lè nou konsidere ke tout lòt pèp ap chache ran yo pi fò, nan rapatrye lòt sitoyen ki briyan e apatrid bò lakay ap fèmen pòt pou frèl yo pa vini sèvi peyiyo, se yon sakrilèj. 
Yo fasilite tout vye kilti vini avili kilti lakay tout vye ekzanp pi ap detwi sosiete ye.
Pou ki sa y opa ka pran, lòt ekzan tankou frasè,  Lachin e latrye,  ki politik pa yo se konsolidarize pèp yo e ankadre popilasyon yo tou patou yo ap viv yo rete pitit tè yo. Paske sitoyen se richès yo.  Moun sa yo wè peyi, nou ka konprann bò lakay li diferan se patripòch ki dominan’an.
Peyi ya ap anglouti si nou kountinye kite gran gozye ap fèmen’l kòm gad manje yo.
AYITI SE ZAFE POU NOU, AN KANPE GOUMEN POU LI, SE ERITAJ PITIT NOU YO,
Patriotikman Nyrvah Florens Bruno
1

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire