dimanche 29 janvier 2012

Konstitisyion fèt pou pèp, Non pèp pou konstitisyion. Nou tout se ayisyen

Ke tout pitit tè ya kanpe pou bati lakay yo, se pa politik mete dewo pou nou ap menen. Konstition fè pou pèp, se pa pèp ki fèt pou konstitisyion. Nan kafou lakay nou ye la, konstitisyion an dwe adapte l pou byenèt pèp la. Nou tout se ayisyen ke nou dewo, ke nou an dedan. An bay Ayiti premye plas la

Men vrè komba nou dwe fè ya. adminitre peyi ya, sipan foje kriz. konstitisyion yon pey fèt pou avansman popilation li e li dwe adapte l avek li nan mouvans li. se pa popilasyion an ki fè pou konstitisyion an. Nou genbe tout yon peyi an otaj. Nou fèl kwè nan yon demokrasi ki pa existe. an demokrasi imaj sila pat tap posib. Tout moun tap gen dwa manje, bwè, domi edikasyion, ak systèm sante. Popilasyion an an demokrasi pat tap bouyi mango pou li manje. Nou pran politik la tankou kanè bank nou. Popilasyion an tande lanje ap pale nou pa jan wè anyen chanje nan vi yo. Nap bat do yo nap rele yo ti cheri nap fè yo domi. Pèp la telman santi li pa anyen lè nou rele l nan nom li li prèt pou touye pou nou, paske nou retire tout dignite himen li. Ban san konsians ki lè trou san fon n nou an ap plein pou pèp la ka gen yon souf. 2 jou pouvwa nou rich e nou pa kon wont. Yon popilasyion zonbi nou nou bay yo cleren yo danse rara. Nou kite yo rele nou cheri pou yo ka gen santiman ke yo se moun e konsa pou nou ka pran nanm yo pi byen. Mwen di nou mechan, mwen pa konen ki bèt nou ye , paske bèt mwen konen yo pran swen de pitit yo.
NFB
Nou di ase 

__._,_.___

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire