samedi 4 septembre 2010

Nou pap pran nan fo mamit.

 Nou pap pran nan pasasyon pouvwa. Nou pa jam gen yon eleksyon ki defini clè, toujou gen yon jwèt ki jwe pou aranje l.
Redevans fè ke bwaw toujou mare, fwa sa, nou vle libere de tout bwa mare, fok nou vanse avek pèp la, se pou li nou ap travay.

12 janvye mete nou a jenou nou tout, an mem tan. Ki pi gran leson de pataj li te dwe ye pou nou.
Li te fè nou wè, si pa gen inion nou pap ka vanse.
Moun nou te dwe wè nan mitan pèp la, ki dwe l sekou, te abandone l, yo te prefere ale domi lot bo fontiè, anpil la dan yo.
yo te panse ak yo mem.
Se pat tout moun ki te touche, men yo te chwazi fèmen je yo antre nan sov ki pe.
 Pa gen anken moun ki clè kou dlo kokoye, men gen kokoye ak kokoye.
12 janvye, jou sa te montre tout moun, ki es ki gen san Dessalines nan, nan ven  yo.
ki es ki mare sosis yo ak pèp la.
Nou gen Wyclef misye se nan misik li ye men lanmou pou pèp la kondwi li nan politik pou li te vin sove l, yo bal kanè.
Nou di li pa gen konpetans, men, sa ki la yo, li montre de lwen li bon pase yo.
Epi li tap byen antoure l. Li konen li pa yon se tout.
Nou gen yon gwo problèm anpil nan nou kwè yo se  setout.
Nan sitiasyon nou ye la nou pa beswen yon moun ki ap gade si pantalon n byen repase ni si jip li byen tire.
Nou beswen moun kap trouse manch li pou li mete peyi ya kanpe, ki pa pè sal ko l.
jodia ya anko mem lakou Palè  nasyonal poko debleye.
Plis ke yon million kertan vivan toujou anba tan, yap tan tanpèt la pase sou yo, pou yo debarase de yo…dim.
 Es ke se yon preparasyon jenosid?
De tout fason li prepare se tanpèt la ki poko rive.
nou pa beswen diskou ni save, ni bon pale lang colonisatè, nou beswen moun ki renmen peyi ya, pa nan bouch men ki montre l nan devouman yo pou li, ede pèp la ki abandone ya.
Lè nou gade eta tout moun sa yo ap viv depi 12 janvye e sèl okipasyon pouvwa se eleksyon nou konkli ke yo mechan. Yo konen ki kalite dega lè dlo desan li fè. nou konpran se pa pa ignorans ke yo kite yo nan kan se sa yo vle, lese yo peri.
Pèp Aysien leve kanpe nou gen yon repons pou nou bay le 26 novem.
NaP frape pye nou, na di tonè! nou la, Ayiti se peyi nou lye.
Nou bite souvan men nou toujou kanpe. pran kouraj pa lague, jou delivrans la gen pou li rive.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire