jeudi 23 septembre 2010

Lettre ouverte au Président René Gracia Préval



Président Préval,

Présidant, jis ki kote pou mennen popilasyion an anko, pou di se ase. Mwen pa kwè ke ou pa renmen peyiw, men mwen ka di ou renmen mal, paske ou pa bali premye plas la.


Dirije yon peyi se pa dirije yon association zanmi. Responsabilitew anpil, tout sa ki pase sou prezidans ou ou responsab yo. Minis Lescouflair dwe kanpe nan fonksyionn, an atandan ke la jistis mennen anket li.

Nan zafè nasyion pa dwe gen zanmi e anken lot konsiderasyion. Salete sa a, ki pase la, viol yon ti moun gason de 15 lane, ke yon minis nan gouvènemanw,

''<<le sénateur Evalière Beauplan a lâché une véritable bombe en annonçant qu’un dossier est en cours au parquet de Port-au-Prince concernant le ministre Evans Lescouflair qui serait accusé d’avoir violé un jeune garçon de 15 ans. >>"

Se yon skandal kolosal. Aprè sa ki konfians ou panse ou ka mande popilasyion an pou li fèw si ou pa pran tout mezi, ke yon chef leta dwe pran nan yon sitiyasyion parey. Mwen pa gen pou mwen fèw la leson ou konen koman yon sistèm ki respekte tèl li dwe mache.
A tor ou a rezon minis Lesouflair pa dwe apwoche anken ti moun tout otan ke la jistis pa fè ankèt, e deside l sou ka misye.

Montre un pe de respè pou popilasyion an, se pa bet yo ye.

Mwen rapelew anko ou se sèl responsab de tout sa ki pase sou presidans ou.

Tout krim ki fèt sou Présidan Duvalier ke se li, ke se lot, li pote tout sou dol, paske se li ki te chef, e byen sitiasyion paw pa diferan.
Nou konstate ou nan bout tou, ou fatigue, men tou otan ou la, ou dwe ranpli devwaw e pran responsabilitew se job ou

Nyrvah F. Bruno, Patriote

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire