dimanche 31 mai 2015

Lakou Siperyè des Kont e Konsèy Elektoral Provizwa’a, tou de se espwa peyi a, yo dwe bay peyi a, yon lò direksyon.

 FOK SA CHANJE E SE JODIA LI DWE KOMANSE


Yon van chanjman ap soufle sou Ayiti,  chanjman sila yo gen 2 gwo enstitisyon ki potel.  Lakou Siperyè des Kont e Konsèy Elektoral Provizwa’a, tou de se espwa peyi a, yo dwe bay peyi a, yon lò direksyon.  

Mwen te apresye moman sa’a anpil ke mwen te chita tande, jijman zòm e fanm deta yo, nan Lakou Siperyè des Kont.
Mwen te reèlman edifye e mwen te kontan tou,  nan manyè ke Jij yo te defan lajan kontwibiab yo.  

Mwen kwè, si yo rete fidèl ak politik sa’a, kontwol sou lajan pèp la, ki ap degaje a, pap gen dout, zòm e fanm Deta yo, ap oblije bay randman e ankò yap jere administrasyon leta,  avek tout disiplin-n e riguè ke job la mande.

Chita tande sa’a ankouraje-m nan travay anpil tou. Mwen ki vle pote kout men pa-m, nan devlopman peyi mwen, li montre-m chemen lespwa’a. Li tradwi pou mwen, se pa ròch map voye nan lanmè, gen yon lòt van ki ap soufle sou peyi a.

SE MOUN TOUT BON KI DWE GEN JERANS LETA,

Lakou Siperyè des Kont e Konsèy Elektoral Provizwa’a jodia, yo fè fas ak yon gran responsabilité, ki mande pou pou tout nànm yo transpire nasyonalis ke yo dwe ye a, pou repon ak viraj 90 degre ke peyi a mande a, pou li rejwen respè l.

Dilè dwog, poksenèt, domi pòv leve rich yo, moun ki gen dosye la jistis pou bat fanm, pou volè tè, pou blanchiman lajan, ou paka represante Leta.

FOK SA CHANJE E SE JODIA LI DWE KOMANSE

Fwa sa’a, ta sanble pitit tè a, ta pran konsians tout bon vre, ke Ayiti se yon peyi se pa yon savan-n.

Yon konstwi yon sosiete, li pa leve tankou dyondyon

Nyrvah Florens Bruno
Koodonatè nasyonal
Mouvman Solda Ayiti Ayti Solda



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire