mercredi 6 février 2013

DEMOKRASI YO VLE VAN’N NAN PEYI AYITI YA, SE YON KANO A 2 BOUCH LI YE, Li PA REPON’N AK SOSYETE YA



Diktati pa bon se vre, men fok gen yon modèl ki adapte avek sosyiete nou an.  Demokrasi ya se yon lekol li ye, fok ou fè lekol la, pou ka genyen’l nan sosyete ya. 

ki lekol nou fè pou demokrasi ya? 

Sa nou gen la’a se yon zam ki ap detwi nou. Mande yon sitoyen odinè e men yon etidian ki règ demokrasi ya. Chak ayisyien gen fôm demokrasi pal, lè sa fè zafèl. 

Pou peyi ya mache, sa pran yon leta ki fô, pou yo leta fô sa pran palye jistis  e palman, ki kolabore ap ekzekitif la. 

Anpil bwat ki ap jere administrasyon peyi plen koriptè, nou konpran kondisyon destabilizasyon sa yo,  fè zafè yo, e simen ou pwovoke twoub nan peyi ya, se bon’n jerans li ye pou bisnis yo mache. 

Si Leta ‘a pa fô li pap ka fè anyen pou li goumen ak koripsyion e bati peyi ya. Pou Leta fô sa pran chak aktè yo nan respè pouvwa yo. 

Pratik koripsyon, negosiasyon,  dwe kaba  si nou vle Ayiti devlope. 
Nomalman nan yon peyi ki gen sitoyen, ki renmen peyi,l sitiasyon politik e ekonomik la,  tap diferan. Bô lakay se retire kôw, bam fè kou pam’m, se pa peyi ya ki gen premye plas la. 

Kôz kansè peyi ya: Absans kaziman total sou zafè INITE nan mantal plisyè sekte: politico sosyal nan peyi ya  

Absans vizyon  byen kolektif.

 Byen kolektik se baz devlopman yon peyi, nan yon sosyete ke premye plas la, se pa byenêt gran nômb lan, ki kote li  prale.

Si nou te gen an majorite bon jan sitoyen nan peyi ya, ki konsekan e renmen peyi ya, yo tap konsète, pou yo bati Ayiti. 

Ayisyen manke konsians se pou sa yo pi près sanble ak yon ban’n moun ki pataje yon bout tè, ke presante imaj yon nasyon

Patriotikman Nyrvah Florens Bruno

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire