mardi 9 octobre 2012

Ayiti se zafè nou tout li ye e se ansam nou ka sove l.



Si nou renmen peyi nou vrèman, se premye plas nou dwe bali. Nan tout lot peyi, kote ki gen moun, kote ki gen elit, kote ki gen moun ki ap panse peyi, nou pap janm  ka wè debandad konsa, ap brase,  tout trip yon popilasyion . 
Se pa Ayiti ki modi, jan anpil moun panse l la, Se nou ki ensanse, ki apatrid, ki aferis,  ki refize peyi ya fè yon pa nago yon pa kita, sans kolektivite ya pa antre nan moralite pou nou menm.
Nou ap bwase yon peyi jis pou frape ego nou, zafè si popilasyion an, ozabwa, mal de parèt nou an pi fô ke tout yon peyi. Se nan repiblik de banana sèlman ou ka temwen de pouriti konsa.  Demokrasi pa nou an se zouti pou nou maspinen popilasyion an, sèvi avek mank de savwa li, pou nou fè kapital sou do li. Si sete peyi nou te wè, nou tap rasanble nou dèyè prezidan peyi ya, ankadre politik li yo e travay pou yo ateri kom sa dwa, men se batay nou ap batay anpeche li arive konstwi anyen pandan yon popilasyion ap vejete, ban-n san konsians. 
Se avek degou e mepri pou ap gade yon Senatè de yon Repiblik devan yon popîlasyion ke lap ensite vè la violans, sa’a li dwe rantre nan liv rekô  guiness. Komèsan ki ap monte pri manje sou soulve pèp, politisyien ki gen gang kriminèl kom zouti pou ateri politik aferis yo, a la wè pou ti peyi sa wè, a la zantray ki pou kôde avan soley leve sou malere,  politik a la traka pou ti peyi sa’a.
 Ayiti, chak paj nan liv istwa l, pi sal yon aprè lot. Konbyen zantray ki pou kôde, konbyen san ki pou koule, konbyen kadav pou yo konte, konbyen jenerasyon ki pou pèdi avan soley leve sou Ayiti.
Si nou tap pran ekzanp sou lot peyi ki ap mache, nou ta konpran se tèt ansam sèlman  ki pou soti peyi nou nan labou. Nou pati nou wè, nou wè e nou konnen koman yon peyi dwe mache, se pa yon sèl moun ki ka mennen yon peyi, se nou tout ki dwe mete nou ansam, nan lanmou pou peyi ya e nan tolerans yon pou lot, sèl objektif la dwe peyi ya.
 Nou mechan,  wi nou mechan , nou mechan, nou pa gen mizerikod, nou ap byen viv e nou ap goumen ak tout fôs nou pou bare chemen pou popilasyon an vanse. Lè yon manman ou byen yon papa gen pitit li ki couche malad se chemen gerizon yo chache pou bay ti moun nan la vi,  se pa goumen yo goumen sou ki medikamen pou pitit la pran pandan li an agoni, se tèt ansam yo mete pou yo sovel. Gade nou byen, gade nou nan mirwa, ki sa nou ap fè la kounye ya, pandan pitit nou an ap peri
Déjà nou touye papa endepandans lan,  Dessalines, ki te ban ou bout tè sa’a, ke nou aplike nou kraze'l, demoli'l ak dan nou.  Nou vil, nou pa gen anyen nan trip nou. Mwen ap di'l e mwen pap bouke repete'l,  demokrasi ke popilasyon an bezwen pou li viv byen nan eta de dwa e nan respè yon pou lot la, li pap ka etabli tan e o si lontan,  ke edikasyion popilasyion pa fèt  komanse nan  tèt rive anba.
 Koman pou yon Senatè nan yon micro yon radyo,  fè ap pale de Prezidan'l, e l'ap trete l de moun fou, pou li pa resevwa yon manda pou difamasyon e y'ap pale de demokrasi. Yo ap pale de yon bagay ke yo pa menm konnen fos li menm, oubyen demokrasi ya, li pou lot yo, pa pou yo menm. Ignorans  ak prejije soti pou kraze peyi ya.
ASE! Se kri  abitan nan môn yo, sa yo kite, nan aryè peyi ya, ki san dlo, san kouran,  san swen santé,  ki di ase peyi ya pap kraze.
Ayiti se zafè nou tout li ye e se ansanm nou ka sove'l.



Patriotikman Nyrvah Florens Bruno  

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire