Konferans pou laprès nouvo prezidan eli a Michel Joseph Martelly bay aprè piblikasyon rezilta 2èm tou eleksyon yo ann Ayiti (Photo Logan Abassi UN/MINUSTAH)
Michel Joseph Martelly te pran nesans nan Pòtoprens nan dat 12 fevriye 1961. Li se yon mizisyen-chantè e, nan kalite sa a, li se fondatè nan ane 80 yo gwoup mizikal byen koni «Sweet Micky ». Majorite ayisyen yo -sitou fanatik misik yo- pa fè diferans ant Michel Martelly ak Sweet Micky ; yo sèvi ak tou lè 2 non yo pou yo deziye menm moun nan. Sepandan, pandan kanpay prezidansyel la, Msye Martelly te presize ke Sweet Micky se non atis li.
Michel Martelly se pitit-gason yon sipèvizè izin distribisyon pwodui petwolye. Se pou kont li, donk san pwofesè, li te aprann jwe pyano ; li te aprann jwe enstriman sa a par woutin, jan yo di sa nan lang kreyòl la. Aprè li te fin fè etid segondè li, li te eseye antre nan lekòl de medsin; men li pa t pase tès admisyon an. Aprè sa, li te rive antre nan Facultés des Sciences ki prepare moun pou yo vin enjenyè; men li pa t pran tan pou l te kite sa. Pwochen kote moun ta pral jwenn Michel Martelly, se nan Académie Militaire d’Haiti ke l pral kite pou l emigre Ozetazini.
@frederickalexis via Twitter
Sou tèritwa ameriken an, Michel Martelly pa t pran lontan pou l te antre nan inivèsite vil Lakewood, nan eta Colorado, pi presizeman nan Red Rocks Community College kote l te pase yon semès sèlman.
Nan kòmansman 1986, nan moman prezidan a-vi Jean Claude Duvalier t ap kite Ayiti pou l ale ann egzil an Frans, Misye Martelly te antre Pòtoprens. Men, lavi Ozetazini te atire l ; e, anvan lontan li te retounen ansanm avèk mennaj li, Sophia ; yo ta pral marye nan Miami, Eta Florid, kote premye pitit yo, Olivier, te pran nesans. Pandan sejou Michel Martelly nan Sidès Lèzetazini, li te travay nan domèn konstriksyon an pandan yon lane. An 1987 li te retounen viv ann Ayiti kote li te kòmanse anime sware nan Petion-Ville ak Kenskòff, nan banlye kapital la, Pòtoprens. Li se yon animatè kanaval ki trè popilè ann Ayiti.
Ansanm ak madanm ni, Sophia, Michel Martelly te mete sou pye yon fondasyon sosyal ki rele Rose et Blanc. An 1997 li te patisipe nan pwodiksyon yon video ki rele Konesans se Pouvwa, yon videyo mizikal avèk yon mesaj ki bay moun edikasyon sou fason pou yo pwoteje tèt yo kont maladi SIDA oubyen pran swen moun ki trape viris ki bay maladi a. Travay Michel Martelly fè kòm prezidan fondasyon Rose et Blanc, te mete li nan pozisyon ki te nesesè pou prezidan sòtan Repiblik Dayiti a, René Garcia Préval, te nonmen li Anbasadè Bòn Volonte pou Pwoteksyon Anviwonnman an.
An 2010 Michel Martelly te anonse kandidati li a la prezidans nan eleksyon ki te fikse pou 28 novanm menm ane a sou bannyè Platfòm Repons Peyizan. Lè rezilta yo te sòti, li-menm ak patizan l yo te leve lawva kategorikman pou denonse yo, paske yo pa t kwè kandida Repons Peyizan an te fini 3èm, yon pozisyon ki t ap diskalifye Msye Martelly pou 2èm tou eleksyon an.
AP
An fevriye 2011 (pi presizeman nan dat 3 fevriye), aprè yon misyon teknik d’evalyasyon OEA t al verifye rezilta yo, anons te parèt pou di Michel Martelly ta pral patisipe nan 2èm tou a an fas Mirlande Manigat, kandida RDNP a –Rasanbleman Demokrat Nasyono Pwogresis- nan dat 20 mas 2011 la.
Youn nan eleman-kle nan platfòm politik reprezantan Repons Peyizan an se pwomès li fè pou l retounen ak FADH – Fòs Zame Dayiti, ke ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide te kraze an 1995. Michel Martelly pwomèt tou pou l bay edikasyon gratis pou tout timoun nan lekòl primè nan peyi d’Ayiti. Pandan kanpay Msye Martelly a, li te vle pwojte imaj yon moun ki gen anpil enèji, yon moun ki renmen mache a-pye pandan li t ap vizite patizan n yo a travè peyi a. Li defann imaj li te genyen nan le pase kòm yon mizisyen pou l prezante imaj yon nèg ak kostim, imaj yon moun ki chanje.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Ronald César
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire