Ayiti pa gen lidè nan sans pwòp de sa yon lidè dwe ye pou yon peyi. Gen anpil moun ki ap jwe wòl lidè, men yo lwen pou yo reponn ak ki sa yon lidè dwe ye.
Yon ti peyi nèg, ki dimansyon yon plan men, ki lib e libè, pou li fè devlopman l depi 1803. Li pa janm ka arive soti tèt li nan eta feodal.
Pou ki sa……??
Se vre nou gen yon problèm de sosiete, ti pò jòn, ti wouj, ti pò nwa, ou posede ou se moun ou pa posede ou pa moun.
Ensanite sa yo, kwaze pye a, yo nan sèvo tout yon sosiete trist. Yon sosiete pa kapab evolye nan sotiz konsa, li ap depati l.
Jèm ignorans l’an enkane nan lespri sosiete a, jenerasyon aprè jenerasyon. Yo pase’l tankou yon eritaj.
Eritaj, ki se yon filozofi Oksidan’an pou redwi nou. Kenbe pèp nwa sa’a divize, po yo ka gen kontwòl yo. Se preskripsyon Delano Francois Roosvelt ke lakay yo li rantre tankou yon enstitisyon sou avni popilasyon ayisyenn.
Pou pye Yanky a, tojou sou kou nou.
Se pa konnen nou pa konnen sa, men pou ki sa, nou pafè anyen pou nou ranvèse sitiasyon an.
Nou sosialize nen nèg paf è nèg konfians = dezinyon. Nou pote tout fòm de diskriminasyon e prejije. Valè yon moun nan sosiete nou an, repoze sou koulè pò’l ou lajan li posede, se nomal pou se yon sosiete konsa nou genyen. Yon kous enfènal vè yon decheans total
Guè ant Dessalines … Pétion….. FOUTAISE se langaj yon gwo ignoran, ki gen yon mas analfabèt ke li ap itilize pou li ka abouti ak yon objektif objektif pran pouvwa, san pidè.
Demokrasi, ki popilasyon ki ka soti san tranzisyon nan yon diktati feròs pou li tonbe sou chemen demokratik, yon lòt fason pou yo kraze peyi a. Oksidan kif è ekol demokratik jiska dat demokrasi a ap pran kou, malgre enstitisyon yo fò. Tout analiz tout konpreansyon sou fòm demokrasi san preparasyon sa’a kondwi nou tout dwat a LANACHI. Fos represyon an chanje men li nan men popilasyon an.
Pa gen pi danje moun sò ki konnen yo eklere. ANALFABET FONKSYONEL.
Nan jèn tout ayisyen gen ni Dessalines ni Petion, nou se sa yo rele a san mele e sa’a pat dwe yon problèm nan yon sosiete, se ke nou malad e maladi nou an nou kenbe’l, paske li banou enèji pou nou kontinye goumen ak frè e sè nou, ki tounen yon konba ekzistansyèl pou nou, ki fè nou santi, nou ekziste e se la’a tou, tout fèblès nou chita. Yon lite didantite de jenerasyon an jenerasyon.
Se menm jan ak jèn nou yo ki ap mache ap pantalon defouke cheve an depatia, chemiz sou jenou yo pwojte yon imaj pou moun ka pè yo, pou yo ka afime yo, se yon bezwen li ye, santiw ekziste ke moun respektew. Se yon fason pou yo gade tèt yo sou dlo, pou yo pa fou.
Tout enèji nou ka devlope se negatif la, se li ki ban nou enèji ki di nou la, nou konte. Nou bezwen yon lòt kouran ki pou tranfome enèji mas negatif la, an enèji pozitif.
An jeneral tout sosiete ap patoje nan enèji negatif, depi nou ti kakat sèvo nou kondisyone pou nou reprodwi enèji negatif. Jodia nou tout konsian, reini 100.000 moun, pou pase enèji negatif se yon bagay fasil, men reini menm kantite moun sa yo pou enèji pozitif la parèt eposib, paske se nan violans nou leve sou tout fòm : Prejije, diskriminasyon, violans fisik li tounen yon defoulman debarase nou de raj sa yo, tout okasyon byen vini pou chase frustrasyosn sa yo.
Enèji popilasyon aysyenn nan, se fos negatif la ki mennen’l.
Kondisyonman sèvo blan franse a, lit nan mitan yon nasyon miltiplikasyon klas sosial ki chita sou ignorans, klas koulè. Koulè a seyon klas. Kèl sotiz. Preskripsyon de Delano Roosvelt pote kore nan yon lòt dimasyon toupizi jèn nasyon an.
<< Pa janm kite ti pèp sa’a INI, pou nou ka toujou gen kontwol yo.>>
Nou ka konprann ti peyi nou ye, Nou ap pote toro bagay sa yo yo sèvò ki kondisyone an WI MOUCHE BLAN, soti a ap difisil, men pa enposib, sa pran yon revèy nasyonal pozitif e radikal pou sosiete ayisyenn nan ka soti tèt li nan kalite labirent sa’a ke jou aprè jou se tankou yon lavalas ki ap pase bote yo nan lanmè. Fok nou pran konsians nou pa ka kontinye oto detwi tèt nou konsa.
Renonse ak vye pratik diskriminatwa yo, bay valè plas, pou van chanjman ka soufle an Ayiti.
Lekol, se la ke sosiete a renouvle, bati gwo lekol nan katye yo, pou tout ti moun ka frekante menm lekol, men jan ak Inivèsite ki pran tout kategori moun nan ansent li, menm lè …… Kraze tout sa, ki pote prejidis ak sosiete a.
Ou komanse aprann violans la depi ou komanse ap aprann kenbe krayon pou fè A. Ou prodwi sa ou aprann. Lekol ke mas popilasyon ap aprann a b c se yon enstitisyon ki edike sèvow a soumisyon pa la violans.
Lèw ou ap konstate koman sosiete a ap reprodwi sa bay frison.
Baton nan lekol, se yon krim e se tout yon kontinuite ak sistèm esklavajis la. Yon lòt kote yon ti moun pa manje li ale lekol, li pa gen liv pou li te fè devwal pou li jwen yon rakle sentiron ki dechire dòl imilye’l devan lòt ti zanmi’l. IMILIASYON. Ti moun yo aprann leve nan imiliasyon nan rezilians. Tout sa ti moun sa aprann se violans e li pote hèn nan kè’l.
Ki sosiete nan kondisyon reprodiksyon nou ka atann nou? Yon sosiete se konstwi yo konstwi, li pa leve kou djondjon. FOK SA CHANJE
Sosializasyon, tout mòdèl prejije e diskriminatwa se nan lekol yo reprodwi yo. Lekol la te dwe sou kontrol Leta e tout fonksyonman te dwe sipèvize.
Radio ak televisyon jwen yon gwo patisipasyon nan Fomasyon, jèn yo, Leta pa pran kontwol la. Anpil tele ap pase film violans nenpot ki lè, imaj deprave nenpòt ki lè, fok nou mete restriksyon ak sa. Moun ki vle gade bagay say o fok yo abone nan tele peye avek kòd, li pat dwe lib. Sa ke yo pase nan tele ak radio pran yon koken plas nan fomasyon ti moun yo e jèn nou yo, li paka fèt nenpot ki jan.
Yo bati yon sosiete
Mete yon vrè politik sante ak yon pèsonèl fome, ki pou li, sante se yon profesyon, non pa yon opotinite. Valorize travay la tè mete machin lou, peye anplwayè sa yo pi byen, sa ap redwi diskriminasyon nan sektè a. Enkonsiamman travay la tè ramne moun gadel lèd, tankou se yon bagay ki ap diminuye yo, se sekèl kolonial la ki lakòz sa. <<ESKLAV>>
ouvè pòt pou jèn teknisyen agrikol. Zòn ki gen manje ki byen fè wout pou manje a ka sikile. Fè wout avek vizyon pou gran devlopman.
Mare Jij ki ap vann jistis yo, retire prizon yon nan kè vil yo, mete yo nan zòn ki poko devlope yo e ki lwen ak vil. Mete prizonye yo nan travay la tè. Travay kominotè. Bati anpil prizon, men gwo batiman, respekte dwa yo, lè yo kite prizon an, pou yo ka gaye vi yo onètman nan sosiete a.
Mete sant lwazi ak bibliotek, nan katye yo e byen antreteni yo, egzije bon akèy nan tout biro e bay sanksyon pou move akèy. Bay fomasyon ak anplwaye yo, pou yo byen konnen koman yo dwe bay popilasyon an sèvis nan respè.
Bati sant pansyon lekol pou ti moun, bati plis lekol profesyonèl ke sosiete a bezwen ki ap reponn ak nesesite’l.
Leta se chef responsab de vi chak sitoyen.
Enstitisyon nou yo dwe mache nan respè konstitisyon peyi a.
Yon konstitisyon gen pou objektik kenbe peyi a nan bon wout devlopman e etabli pou bòn mach tout enstitisyon yo, nan enterè popilasyon an, pa pou yon group moun.
Siw ap preche la hèn, divizyon, prejije, diskriminasyon, violans, destriksyon, touye, ou se yon lidè negatif.
Siw ou ap travay pou konstwi ou gen yon langaj pou inite, ou pran aksyon pou kraze tout prejije, diskriminasyon, pou konbat tout fòm violans pou se yon limyè pou popilasyon nan bon jan akonpayman, nan chemen pou li bati e reponn bezwen premye nesesite’l. OU SE YON LIDE
Yo lidè se yon moun ki gen karaktè sèvitè Leta, ki ap travay pou li chanje ou ameliore kondisyon konpatriot li, jamè nan violans.
Nou gen yon modèl yon gwo lidè : Mohandas Karamchand Gandhi,
Yon vrè lidè wè peyil dabò
SOLDA AYITI AYITI SOLDA